Temple Dahomey
Temple Dahomey
January 31, 2025 at 05:23 PM
Lontan lè yon moun pral vwayaje Li te konn al en provens poul al mete proteksyon ak chans sou li, epil mande bitasyon pèmisyon avanl deplase. Konsa moun sa yo menm si yo ta ilegal nan yon peyi chèf pap janm wè yo nan lari ni vin lakay yo, Moun sa yo te gen yon paròl yo renmen di: "se Mwen kite deside vini mwen prale lèm vle, blan an paka deside pou mwen" e moun Sa yo pa janm pase yon Mwa san yo pa travay. Men kounye a moun yo pati san mande pèmisyon yo pa mete anyen sou yo moun yo pati tou devenn, yo rive nan peyi moun yo yap fè 1 an san yo pa travay pandan ke se pou afè pa bon kew pati. Yon peyi kote plen aksidan moun toujou ap tire moun san rezon ou paka ap viv ladan san proteksyon, e plen lòt nasyon nan peyi a ki vin travay tou yo menm chak jou yap fe maji pou chans yo ka moute pou chèf travay la ka renmen yo, ou menm ki rete la san fè anyen an ou pap janm pran promosyon nan travay la e yo ka revokew lè yo vle kise yon derespektan paske nou menm ayisyen moun pa revoke nou nan travay konsa konsa se lè
🙏 ❤️ 3

Comments