AyiWeb🖥️ WhatsApp Channel

AyiWeb🖥️

32 subscribers

About AyiWeb🖥️

Fòmasyon, konsey e astis enfòmatik sou android

Similar Channels

Swipe to see more

Posts

AyiWeb🖥️
AyiWeb🖥️
2/2/2025, 6:12:12 AM

*Kisa yon "ICON" ye ?* Yon ikon se yon imaj oswa yon senbòl ki reprezante: - Yon lide 💡 - Yon objekt 🪙 - Oswa yon moun 🧕🏾 Li souvan itilize pou fè referans a yon bagay oswa yon pèsonalite ki gen yon siyifikasyon espesifik oswa ki gen yon gwo enpak nan yon domèn. Pa egzanp, yon ikon nan teknoloji ka yon logo tankou Apple oswa yon imaj popilè. Ikon yo sèvi kòm yon zouti pou fasilite kominikasyon, espesyalman lè yo sèvi ak yo nan yon fason ki rapid epi ki fasil pou konprann. _Kite dwèt ou sou leson sa pandan kelke sekond ,pou ka like epi patajel._

❤️ 👍 2
AyiWeb🖥️
AyiWeb🖥️
2/25/2025, 12:58:58 PM

Bonjour à tous 👋, Nous envisageons d'organiser une formation sur les sujets suivants :

AyiWeb🖥️
AyiWeb🖥️
2/26/2025, 7:39:25 PM

Diferans ant *bwatye* (_*Botier*_) ak *inite santral* (Unité Central) chita sou sans yo ak fonksyon yo nan yon òdinatè. • Bwatye : Se anvlòp fizik (chasi) ki kenbe tout eleman entèn yon òdinatè, tankou kat manman (_Carte Mère_),  processeur, memwa, alimantasyon, elatriye. • Bwatye ya ka gen diferant gwosè ak fòm (tour, mini-tour, desktop, elatriye), men li pa ka fonksyone poukont li san eleman entèn yo. • Inite santral : Li reprezante tout eleman elektwonik ki fè òdinatè a mache, tankou processeur (CPU), memwa RAM, diskedi, kat grafik, alimantasyon, ak lòt eleman ki konekte ak kat manman an. _Inite santral la se kè òdinatè a, li fè l kapab egzekite pwogram epi trete done yo._ *Rezime :* • Bwatye se anvlòp fizik ekstèn lan. • Inite santral se bwatye + tout eleman entèn yo ki fè òdinatè a fonksyone. Pa blye pataje chanèl la ak zanmi ou https://whatsapp.com/channel/0029VadhmlpEAKWIRzYyWt0a

Post image
Image
Link copied to clipboard!