
AyiWeb🖥️
February 26, 2025 at 07:39 PM
Diferans ant *bwatye* (_*Botier*_) ak *inite santral* (Unité Central) chita sou sans yo ak fonksyon yo nan yon òdinatè.
• Bwatye : Se anvlòp fizik (chasi) ki kenbe tout eleman entèn yon òdinatè, tankou kat manman (_Carte Mère_), processeur, memwa, alimantasyon, elatriye.
• Bwatye ya ka gen diferant gwosè ak fòm (tour, mini-tour, desktop, elatriye), men li pa ka fonksyone poukont li san eleman entèn yo.
• Inite santral : Li reprezante tout eleman elektwonik ki fè òdinatè a mache, tankou processeur (CPU), memwa RAM, diskedi, kat grafik, alimantasyon, ak lòt eleman ki konekte ak kat manman an.
_Inite santral la se kè òdinatè a, li fè l kapab egzekite pwogram epi trete done yo._
*Rezime :*
• Bwatye se anvlòp fizik ekstèn lan.
• Inite santral se bwatye + tout eleman entèn yo ki fè òdinatè a fonksyone.
Pa blye pataje chanèl la ak zanmi ou
https://whatsapp.com/channel/0029VadhmlpEAKWIRzYyWt0a
