Education Nutritionnelle(EN)
Education Nutritionnelle(EN)
February 26, 2025 at 11:59 AM
Bonjou tout moun,mwen espere nou anfòm, Jodiya nou pral pale de yon lòt bagay ki se Hélicobacter Pylori ke yo rele H Pylori a chak fwa y'ap pale de maladi sa a. Anpil nan nou souvan tande moun di yo pa ka manje bagay ki gen asid tankou pwa nwa, berejèn, yo paka bwè ji sitron paske yo di yo fè asid. Men ki maladi sa a vre? Poukisa manje sa yo pa bon pou moun ki gen asid? Nan atik sa a, nou pral eksplike sa epi nou pral pale sou maladi sa ak bakteri H pylori a. Pou nou ka konprann sa, fòk nou konprann kijan lestomak nou ye e ki wòl li jwe nan kò nou. Lstomak se yon pòch ki gen fòm tankou yon sak nan pati siperyè nan sistèm dijestif nou. Li gen pou misyon poul' kenbe ak prepare manje nou manje epi patisipe nan dijesyon an ki pral dèt nan entesten a. Pou li fè sa, li gen yon likid asid ki rele asid gastrik ki se asid kloridrik la. Asid sa a, li gen pou misyon pou li libere nutriman nan manje a epi touye bakteri ak viris ki ka danje pou sante nou. Men fòk nou diw tou si yo konn itilize asid pou touye mikròb pou pa gate manje nou oubyen itilizel pou fè proteje kek prodwi elatriye , Ebyen gen yon bakteri ki rele H pylori menm lèl jwenn asid la se grandi li grandi epi vin pi plis, konsa H pylori a kabap reziste ak asid lestomak la epi kreye enfeksyon. Maladi H pylori a ka koze maladi tankou gatsrit, yon maladi ki fè lestomak la anfle, ak ilsè, ki se yon twou ki fòme nan pati anndan lestomak oubyen twa premye pati entesten yo. Si w santi ou gen doulè nan vant ou, oubyen ou santi ou gen asid, li posib ou ka gen H pylori. Nan ka sa a, ou dwe konsilte yon doktè ki ka fè yon egzamen pou detekte bakteri a. Men ou dwe evite manje ki gen anpil asid tankou sa yo nou te mansyone yo pi wo si tou sil'ta , ou dwe evite manje ki gen tròp epis, paske yo ka irite lestomak ou epi bay bakteri a chans pou li devlope, Men, li enpòtan pou nou sonje ke chak moun diferan e sa ki bon pou yon moun, ka pa bon pou yon lòt. Konsa, si ou gen dout, ou ta dwe konsilte yon doktè oswa yon nitrisyonis. Nou espere atik sa a te edew' konprann pi byen kijan asid nan manje yo ka afekte ou, e kijan ou ka evite maladi ki koze pa bakteri H pylori a. Tanpri, pataje lyen chèn nan ak zanmi oubyen fanmi yo pou yo ka benefisye piblikasyon nou yo. Rete konekte pou plis enfòmasyon sou sante ak byennèt!
Image from Education Nutritionnelle(EN): Bonjou tout moun,mwen espere nou anfòm, Jodiya nou pral pale de yon lò...
👍 ❤️ 🙏 9

Comments