Stevens Azima
Stevens Azima
February 27, 2025 at 04:28 PM
M pase 4 ou 5 antrevi nan vi m deja, e kèk nan yo pou djòb ki pami djòb ki gen pwosesis rekritman ki pi difisil yo (pafwa fas ak plizyè santèn kandida e apre plizyè etap sou plizyè mwa). M reyisi tout. M gen chans pase moun antrevi tou kèk fwa. Men sekrè m ak kèk strateji m fini pa devlope. 1) M mande lòt zanmi oswa kòlèg konsèy. M pa janm pè frape pòt e mande èd. M toujou pare pou tande konsèy ene ak aprann atravè eksperyans lòt moun. Kontrèman ak kèk Ayisyen ki toujou panse moun pral rayi yo oswa fè yo mal si moun konn afè yo, mwen m fè chwa kwè nan moun si m pa gen rezon pou m pa fye w. M kwè nan rezo e m pa pè itilize rezo m tankou djak pou sipòte m nan pwojè m. Se sa k fè tou m byen chwazi ki moun k ap nan rezo m, paske depi w te gentan ladan, se ke m ka fè w kredi. 2) M toujou sonje moun k ap rekrite a pa sèlman bezwen rekrite yon moun konpetan, anpil fwa se yon kòlèg l ap rekrite tou, yon moun li pral petèt pataje lòt enfòmasyon pèsonèl ki pa rezime ak travay sèlman. Si w panse se de travay moun pale lè yo kwaze nan koulwa ak kafeterya yon enstitisyon, ou fè gwo erè. Se pito moman koneksyon, e yo enpòtan pou len ka fè lòt konfyans nan dosye ki serye yo. Kidonk, nan antrevi a, m asire moun nan wè m kòm yon moun sosyab l ap anvi kotwaye chak jou nan espas travay la, yon moun ki pa pral kreye chirepit nan espas la. 3) Mwen toujou chèche idantifye ki sa m konn fè byen, ki transferab nan nenpòt domèn, e ke anpil lòt moun ka pa konn fè. Konpetans sa yo se yo ki pral fè ladiferans toutbon, paske an lagan tout lòt kandida yo gen anpil chans pou gen menm pwofil ak ou (menm diplòm, menm pakou, eks.). Donk pase tout tan w ap rakonte sa k sou CV w la (ke rekritè a gentan li deja) p ap ede w soti tèt ou. Fòk ou jwenn omwen yon istwa atipik, yon konpetans oswa yon eksperyans inik k ap make lespri moun nan, e pafwa li konn pa menm gen dirèkteman rapò ak djòb ou pral fè a. Ou se yon enjenyè men w te suiv yon fòmasyon nan filozofi tou ki pa gen okenn rapò? Pouki w pa site l? Sa ka yon fason pou redui enfòmasyon mi wo mi ba ki gen ant ou menm ak moun k ap rekrite a. Ann angle ak nan ekonomi, yo rele sa SIGNALING. 4) Moun renmen istwa. Rakonte bagay yo sou fòm istwa toutan sa posib. M reyalize m te toujou konn fè sa, men se avan yè m dekouvri gen yon metòd menm nan zafè antrevi ki chita sou sa. Se metòd STAR la. Google li. Plis ou travay storytelling ou, plis ou gen chans kapte atansyon moun nan. 5) Prepare, prepare, men pa twòp twòp nonplis. Kite ti plas pou enpwovizasyon e kenbe yon ton natirèl. Pa bay enpresyon se resite w vin resite. 6) Reponn fason ki analitik, fè lis, itilize mo tankou "premyèman" "dezyèmman", 1), 2), 3)...jis pou w ede rekritè a suiv rezònman w lan e idantifye fasilman sa ki enpòtan nan sa w ap di yo. Si w pale gaye, san chapant, menm si w ap di bon bagay, moun k ap koute w la ka pèdi fil la. Fè yon ti rezime rapid repons ou sot bay la kòm konklizyon. 7) Pran swen aparans ou. G on jan pou w ye Epi wi, aparans konte. 8) Pa fè tèt cho, kouri reponn vit. Pito w pran san w epi w bay bon repons tan pou w ap kouri lage epi se pa anyen serye w ap di. Pa pè mande reprann kesyon an pou ou. Ou kapab refòmile l tou ak pwòp mo pa w pou w si ou konprann byen e pou ba w tan byen chapante repons ou a. 9) Poze moun k ap rekrite w la kesyon tou kou w gen chans lan, pa kite sa ale nan yon sèl sans. Lè w poze kesyon, sa montre w enterese toutbon e w konn valè w. 10) Itilize teknoloji ak zouti ki ka ede w. Google kesyon yo, itilize IA pou w ka antisipe mòd kesyon yo ka poze w epi pou w ka pratike tou si w pa jwenn moun pou ede w, fè rechèch sou Youtube tou (pafwa sa w bezwen an se nan yon videyo Youtube li kache) ak sou rezo sosyal (ki se yon min enfòmasyon). 11) Mwen renmen prepare yon seri fich alamen, sou papye, ki rezime tout gwo senaryo posib yo, tout gwo direksyon posib antrevi a ka pran ak strateji repons mwen nan chak ka. 12) Si m kwaze yon ka m pa t prepare ditou pou li, m eseye ramne l tou pre yon lòt sijè m te byen prepare pandan m ap evite òsijè. M espere konsèy sa yo ap itil.
👍 2

Comments