Stevens Azima
Stevens Azima
February 27, 2025 at 04:28 PM
M kreye plis pase 70 Powerpoint deja nan vi m. Pifò te raz. M estime se yon ka sèlman nan prezantasyon sa yo (25%) ki te ekselan. Ebyen men sa ki te fè fòs yo e ki te ede m demake m, pafwa nan konkou oswa evalyasyon ki difisil anpil. 1) M te fè yon "show" moun p ap fasil bliye Yon prezantasyon gen 2 eleman ladan: sa w ap di yo (jan w ap di l tou, jès yo, eks.) ak sipò ekri a (fichye Powerpoint lan). Ou dwe travay sou tou 2, pa neglije youn pou lòt. Wè Powerpoint lan tankou yon mikwo epi ou menm ou se atis la. Prezantasyon an se moman pou w bay yon spektak, make lespri moun. Sa mande ANPIL tan pou w prepare ni fichye Powerpoint lan ni sa w pral di jou prezantasyon an. Li prèske enposib pou w fè yon Powerpoint ekselan si se lavèy la w prepare l. Men sitou, wè moman sa kòm yon moman privilejye ou genyen pou w enpresyone yon asistans. San mantalite sa, Powerpoint ou an ap jis youn pami pil Powerpoint ki defile san pèsonn pa sonje sa k t ap pale a. Epi, tankou tout spektak, kòmansman an ak fen an dwe pi kaptivan pase tout lòt moman yo. Demare ak yon bagay ki kapte atansyon (yon anekdòt, yon blag, yon statistik frapan, yon imaj ki entrigan, eks). Fini yon fason pou menm si moun nan t ap dòmi oswa te rate prezantasyon an, konklizyon w lan ap reveye l e ede w sove prezantasyon an! 2) M te suiv fòmasyon pou m aprann fè yon bon Powerpoint Gen sekrè nan fè kola e pou w jwenn sekrè sa yo, menm pou bagay ki parèt senp yo, li konn bon pou w envesti tan (oswa menm lajan) nan aprann prensip yo. Gen liv tou kèk nan moun ki pi fò nan fè prezantasyon sou latè te ekri e ki ka ede w. Youn nan otè ou ka li se Nancy Duarte, espesyalman liv li a ki rele SLIDE:OLOGY: THE ART AND SCIENCE OF CREATING GREAT PRESENTATIONS. Paske wi, fè yon bon prezantasyon se alafwa atizay ak lasyans. Ou bezwen konn prensip yo, e gen nan yo ki menm mande pou w byen konprann jan sèvo moun fonksyone (pa egzanp, gen koulè w pa dwe melanje, chak koulè yo gen siyifikasyon, konsantrasyon moun yo limite, eks). Gen ti règ senp tou ou bezwen konnen. Si nou vle m ka fè yon pòs sou règ yo apa. Men youn ladan yo se règ 6×6 la. Sa vle di yon dyapo pa dwe gen plis pase 6 pwen (si w ap fè lis) e chak pwen nan lis yo pa ta dwe depase 6 mo. An jeneral, yon dyapo pa ta dwe gen plis pase 50 mo! 3) Si Powerpoint lan baze sou yon tèks ki ekri deja (yon rapò, yon memwa, eks.), m li tèks la epi m prepare premye vèsyon Powerpoint lan san gade tèks la, sou baz sa m sonje sèlman! Apre sa m ka toujou tounen nan tèks la. Youn nan pi gwo krim ou ka komèt nan zafè Powerpoint se nik kopye kole tèks ki nan dokiman an mete l nan Powerpoint. Pou kòmanse, te m raple ti prensip de baz yo: dyapo yo pa dwe twò chaje ni genyen twòp tèks, yon ide sèlman pou chak dyapo, evite/limite itilize fraz konplè nan dyapo yo (sof si se yon Powerpoint pou w anseye, la fraz yo ka gen plas yo). Men anplis sa, li bon pou w vrèman mande tèt ou ki mesaj enpòtan w vle moun yo kenbe apre prezantasyon Powerpoint lan. Sonje pwen 1 an, se yon "show" ou vin fè e moun se sa menm y ap tann nan men w. Se pa dokiman Word oswa PDF ou a yo vin li, yo vle pito tande sa w gen pou w rakonte sou li, ki sa ki enpòtan pou kenbe ladan, ti "behind the scenes" yo, anekdòt yo, ti nyans yo, sibtilite yo, eks. Prezantasyon w lan dwe alafwa bay mwens detay pase dokiman an men plis ENFÒMASYON pase dokiman an. 4) M pa depase kantite tan yo ban mwen an Menm yon rapò 1000 paj ou ka prezante l nan 10 minit!!! Plis tan pa garanti prezantasyon w lan ap pi bon ni pote plis enfòmasyon. Epi se yon siy respè lè w pa depase tan yo ba ou a. 5) M pa li sa k nan ekran an, sof petèt si gen yon definisyon oswa yon ekstrè enpòtan. M konnen piblik la li pi vit pase m! Sa se youn nan peche kapital yo, yon moun ki jis ap li Powerpoint lan. Sa fè pati lis bagay ki konn koz yon fenomèn yo rele "death by Powerpoint", sa vle di yon prezantasyon ki tèlman raz ou pa konn si w ap siviv rive nan fen an. 6) M atire atansyon piblik la sou sa ki enpòtan nan dyapo ki gen enfòmasyon konplèks yo. Sa vle di met ti ankadre, jwe ak koulè yo, itilize mwayen (san w pa abize) ki ka ede enfòmasyon ki pi enpòtan an soti tèt li. Pa egzanp, sou yon tablo oswa yon grafik, si gen yon kolòn oswa yon ane ki pi enpòtan, fè l pi vizib parapò ak rès enfòmasyon yo. Kapasite pou w byen prezante se yon bagay ki enpòtan anpil nan kad etid inivèsite e nan kèk djòb. Sa ka fè yon gwo diferans e se yon konpetans yon fwa w genyen l k ap itil anpil. Sa vo lapenn pou w travay li.
👍 1

Comments