Stevens Azima
Stevens Azima
March 1, 2025 at 01:17 AM
Jodi a se te jou egzamen pou youn nan 2 kou m yo Inivèsite Laval. Kou sa gen 73 etidyan (plis pase ane pase). Li gen pou wè ak sistèm alimantè ak agrikilti atravè mond lan. Egzamen m prepare a te gen 20 paj. Lè etidyan yo premye wè l, yo di "men li lou papa!" Premye pati a se te kesyon ak plizyè chwa repons. Li te gen 30 kesyon e te vo 60%. Anpil nan kesyon yo se te etid ka ki te fòse etidyan yo plase yo nan yon kontèks spesyal. Dezyèm pati a se te kesyon ki mande repons long. Te gen 3 kesyon kon sa (1 etid ka, 1 kesyon ki baze sou yon atelye nou te fè nan klas la epi yon kesyon kote yo dwe aplike teyori a pou esplike yon reyalite konkrè). Pati sa te vo 40%. Etidyan yo sanble te byen renmen egzamen an, ki te pran m anpil tan kanmèm pou prepare. Te gen kèk grenn kesyon tchala nan chwazi bon repons yo, men chak ane m chanje egzamen an e adapte l ak aktyalite a. Sa m ap fè a m renmen l e m pran tan pou m kreye kesyon yo. M gen yon ti dam k ap asiste m tou ki ede m anpil. Boutanfen, ansèyman bèl anpil. Malerezman se yon metye ki engra. Menm si sa, okazyon w genyen pou w fòme e enfliyanse yon nouvo jenerasyon an (kèk nan yo ka menm vin minis) se yon privilèj ki pa gen pri.
❤️ 🎩 🙏 3

Comments