
Stevens Azima
March 1, 2025 at 01:29 AM
Sesyon sa m te rekrite yon asistan pou ede m nan kou yo. Chwa a pa t fasil paske lòt pi bon kandida anfas la te asistan m ane pase e li te gen yon CV ki pi rich pase moun m te finalman chwazi a. Poutan se pa li m te chwazi.
Fòk m di tou asistan m nan se yon ansyen etidyan m te fè kou pou li nan metriz.
Finalman m pa regrèt chwa m nan. Li pi PWOAKTIF lontan pase ansyen asistan m nan. Ansyen an te bon tou wi e li te toujou byen fè travay li. Men se yon moun ki te plis ap tann ou di l sa pou l fè. Nouvo asistan m nan pa ret tann, si l wè yon bagay merite fèt, li jis fè l. E m damou sa.
Tout sa pou m di, memm si yon konkiran gen yon pi bèl CV pase w pou yon djòb, ou ka toujou bon. Pafwa se yon senp kalite transvèsal oswa yon trè pèsonalite ki pral fè diferans lan. Ki vle di, pa pè met aksan sou fòs ou lè w ap aplike pou yon djòb. Se ti mo PWOAKTIF sa asistan m nan te met nan CV l la ki te pi gwo kritè chwa m nan finalman.