Stevens Azima
Stevens Azima
March 1, 2025 at 01:29 AM
M gen bon zanmitay rasi ki la depi prèske 20 lane. E m gen sèlman 33 an. Men kèk bagay lavi aprann mwen sou zanmitay. 1) Resipwosite Resipwosite enpòtan. Resipwosite pa vle di ban m m a ba w. Se pa yon egzèsis kontablite kote pasif oblije egal aktif. Li vle di pito relasyon an pa a sans inik. Se pa pwoblèm si youn nan nou envesti plis oswa depanse plis nan relasyon an. Chak moun bay an fonksyon sa yo genyen, e ou mèt kwè m tout moun gen yon bagay yo ka ofri. Kapab se lajan, tan, konsèy, sipò moral, eks. 2) Lajan Zanmitay franchi yon lòt etap lè nou alèz pou pale sou lajan. Se yon bagay tou ki konn gate zanmitay, sitou si zanmitay la te kole ak krache. Men kon sa tou, se youn nan pi gwo satisfaksyon lè w konnen w te gen chans ede yon zanmi nan yon moman difisil oswa lè w konnen w ka konte sou yon zanmi nan moman difisil. 3) Sekrè Yon zanmi se yon moun ou ka pataje sekrè ak enfòmasyon sansib ak li. Toutfwa, yon zanmi pa yon senp konfidan ni se pa yon pè ki la pou w konfese peche w. Lavi aprann mwen an reyalite chak bon zanmi gen tip sekrè ak enfòmasyon diferan ou pataje ak yo. Sa konn rive gen yon grenn zanmi ou pataje TOUT bagay avè l, men sa ra e pi riske. Li konn pi enteresan pou w pataje detay diferan ak diferan zanmi. Tèl zanmi ou ka alèz pou w pale de seksyalite w ak li, alòske tèl lòt zanmi se yon bon zòrèy ki la pou ou lè w deprime. 4) Aktivite ansanm Aktivite ansanm se youn nan siman ak lakòl ki pi pisan pou simante zanmitay. Malerezman, menm jan lanmou konn tonbe nan woutin nan, zanmitay konn tounen tchala tou e pèdi orijinalite yo ak frechè yo. Men depi sa posib, m ankouraje ti soti ak zanmi w a 2 oswa nan pi gwo gwoup. M p ap pale de soti ki rezime ak pran foto olye w pwofite viv moman an a 100%. M ap pale de vrè soti kote ou ak moun nan gen chans konstwi yon bèl souvni ansanm sèvo nou ak kè nou p ap janm bliye, menm si foto ki sere nan nyaj yo ta disparèt.
❤️ 2

Comments