Remèd Fèy
Remèd Fèy
February 13, 2025 at 04:36 PM
🛑 Enfeksyon vajinal ki rele Kandidoz🛑 (Majorite fanm ayisyèn gen Enfeksyon sa , dèfwa yo pa janm trete li ale Vini jis li vin kwonik Kisa ki kandidoz la? Kijan'l manifeste? kisa ki ba ou li? kisa pou ou fè si ou ta wè siy ak sentom li yo? nan ki sikonstans li manifeste plis? 👉Pataje ! Pataje pou enfòme yon lòt fanm 🛑Kandidoz jenital osinon mikoz jenital se yon enfeksyon ke'w jwenn pi souvan kay fanm, enfeksyon sa se yon chanpiyon ki lakoz li ki rele "Candida albicans" nan lang fransè.🛑 Bouboun fi a gen pwòp jèm li yo ki regwoupe ki pèmèt li kenbe ekilib li nan eta nòmal ki rele "bacille ou Flore de Doderlein" ki gen ladan'l anpil lòt jèm kote wap jwenn laktobasil yo, lè youn nan jèm sa yo vin twòp nan flò a, li vin dezekilibre li vin bay vajinoz oubyen kandidoz la lè chanpiyon sa antre nan koze a tou. 1) Fanm ki gen kandidoz yo gen yon pèt ki pwès yap bay nan bouboun yo ki tankou yon lèt kaye ouyen yon fwomaj di. 2) Li blanch epi'l pa gen sant. 3) Demanjezon ak woujè nan rejyon bouboun li. 4) Li santi zòn sa yo ap boule'l. 5) Fi a ap santi doulè pafwa lè lap fè bagay. 6) Tout sentòm sa yo parèt plis apre fi a fin gen règ 🚨Fanm ki predispoze ak kandidoz:🚨 1) Fanm ansent, Fanm ki sou planin ki pa gen bon ijyèn, pandan peryòd règ. 2) Fanm ki sou medikaman antibyotik ak kòtikoyid. 3) Fatig ak fanm ki gen sistèm defans yo fèb. 4) Fanm ki soufri maladi sik. Se pa yon enfeksyon yon fi trape nan fè bagay men si w devlope l ou ka bay patnè w la li (ka yo minim), souvan se move lijyèn ki lakoz chanpiyon sa anvayi fi a lè flò a dezekilibre.Si ou remake ou gen sentòm sa yo, ale kay doktè, amelyore epi respekte règ ijyèn yo. Itilize kilòt koton, evite kolan nan peryòd sa, pa itilize solisyon san otorizasyon ki ka pèmèt chanpiyon an kale plis, pa fè twalèt ou ak savon benyen, fè twalèt ou pou pi piti de fwa pa jou, pa kite kotèks dire sou ou, evite grate rejyon bouboun ou pou evite li anvlimen plis. ⛔siw sou tretman mete kapòt siw vle fè bagay, siw ap regrenyen a chak tan ou fin trete mennen patnè'w la (yo) kay doktè pou swiv tretman. Whatsapp: 43 48 0031 si w bezwen trètman
👍 ❤️ 🙏 😂 🇭🇹 🎉 👏 😊 😢 🥰 44

Comments