Remèd Fèy WhatsApp Channel

Remèd Fèy

127.9K subscribers

About Remèd Fèy

Chèn sa kreye pou ede'w konnen plant yo epi konnen kijan'w ka itilize yo pou trete tèt ou. Nou fè trètman maladi natirèl, Maladi Mistik . Nou fè leson (Reading/limyè) a distans kèlkeswa peyi w ye sou latè , travay bitasyon, plase lwa ...etc PS : Se konnen ki fè !

Similar Channels

Swipe to see more

Posts

Remèd Fèy
Remèd Fèy
6/6/2025, 1:59:40 AM

Nou live sou tiktok ! Kisa w kap fè kòm ofrann pou yon espri : Klike sou link lan pou w rejwenn live la. https://vm.tiktok.com/ZMSBwXW95/

👍 ❤️ 🙏 🌹 😂 🖕 🥰 20
Remèd Fèy
Remèd Fèy
6/5/2025, 9:08:43 PM

1 cœur mauve si tu aimes *Remèd Fèy* !

💜 ❤️ 💙 👍 🤍 🙏 🩷 💚 🖤 1.4k
Remèd Fèy
Remèd Fèy
6/6/2025, 1:57:58 PM

POUKISA YON TIMOUN DI GWO MO? Kòm timoun yo aprann pa imitasyon, yon timoun piti ka repete gwo mo li tande nan kay la, nan gadri oswa nan pak la. Gen anpil chans pou li pa konprann siyifikasyon ak dimansyon gwo mo li itilize yo. An reyalite, li sèlman wè reyaksyon mo yo pwovoke a. Yon timoun obsève reyaksyon moun ki nan antouraj li nan aksyon ak nan pawòl. Pou rezon sa a, li ka itilize kèk mo plis si li remake ke li pwovoke yon reyaksyon lè li di yo. Li kapab kontinye di gwo mo, menm si yo di li klèman ke li pa akseptab, paske li nan laj kote li renmen atire atansyon. Repetisyon gwo mo yo tou kapab lakòz kapasite kontwòl pwòp tèt timoun piti a ki ba. Vreman vre, yon timoun ka kontinye di yo malgre entèvansyon yon granmoun nan antouraj li, paske enpilsyon li santi a pi fò pase kapasite pou'l pa di yo a. Li posib tou ke lè'l sèvi avèk gwo mo yo se yon fason pou yon timoun vèbalize kòlè li. KIJAN POUW REYAJI LÈ YON TIMOUN DI GWO MO? Pa sezi lè yo di gwo mo. Pitit ou pwobableman pa konnen siyifikasyon mo li ap itilize yo. Li enpòtan, sepandan, pouw pa aji tankouw pat tande. Avèk kalm di'l pa di gwo mo, pa egzanp: " mo sa pa yon mo respektye. Mwen ta renmen ou jwenn yon lòt mo pouw di nan plas mo sa a". Ba li egzanp epi fè prèv konsistans nan pa sèvi ak vye mo ou menm. Pitit ou a aprann sa ki di ak sa ki pa di an fonksyon de langaj granmoun ki antoure li yo. Ankouraje pitit ou a pale sou santiman li. Ou ka ede l fè sa lè ou sijerel mo akseptab ke li ka itilize lè li fache oswa fristre. Ou ka edel jwenn mo komik ki ka ranplase gwo mo yo. Evite ri, byenke li ka komik pouw tande timoun piti ou an kap joure pou premye fwa, paske reyaksyon sa a ka ankourajel redi mo a ankò. KILÈW DWE KONSILTE POU SA? Si pitit ou a ap joure regilyèman malgre entèvansyon ou yo epi li afekte relasyon li ak timoun e ak granmoun bò kote li, li posib ke konpòtman sa se yon siy lòt difikilte. Nan ka sa a, li rekòmande pou konsilte yon pwofesyonèl sante pou dirije ou nan sèvis fanmi ki apwopriye tou pre lakay ou. Pwofesyonèl sèvis sa yo ka sipòte ou nan ede pitit ou a sispann sèvi ak gwo .

👍 ❤️ 🙏 😂 😮 🫶 👏 😢 🛫 135
Remèd Fèy
Remèd Fèy
6/6/2025, 2:47:44 AM

Nou live sou tiktok ! Kisa w kap fè kòm ofrann pou yon espri : Klike sou link lan pou w rejwenn live la. https://vm.tiktok.com/ZMSBwXW95/

👍 🙏 ❤️ ☘️ 😮 21
Remèd Fèy
Remèd Fèy
6/5/2025, 1:41:19 PM

Tout Glwa pou Granmèt la

Post image
👍 🙏 ❤️ 👏 😂 😢 💯 😊 😮 75
Image
Remèd Fèy
Remèd Fèy
6/6/2025, 11:58:08 AM

Avec Le fruit 4 côtés + cannelle , tu peux chasser à jamais la pauvreté dans ta vie . C'est un très grand secret!

❤️ 👍 🙏 😮 😂 😈 👀 137
Remèd Fèy
Remèd Fèy
6/6/2025, 6:22:34 PM

Kilè wap konnen yon timoun gen dyòk? Kijan w kapab mete lwa kouzen pi pre w pou li ba w lajan ? Klike sou link sa pou w rejwenn live la :https://vm.tiktok.com/ZMSSB77GL/

👍 ❤️ 🔥 😢 🙏 26
Remèd Fèy
Remèd Fèy
6/6/2025, 2:37:45 PM

Nou live sou tiktok: https://vm.tiktok.com/ZMSSjUKGx/

👍 🤷‍♂️ 10
Remèd Fèy
Remèd Fèy
6/5/2025, 2:02:15 PM

Nou vin reponn kesyon Live sou Tiktok ! JEDI kesyon_Repons : https://vm.tiktok.com/ZMSB9T3TV/

💜 👍 ❤️ 🙌 🌹 👏 💙 🖕 😢 64
Remèd Fèy
Remèd Fèy
6/5/2025, 1:14:41 PM

Papa Pyè. Gen yon zanmi ki t'ap mande m pou m pale de papa pyè tèks sa se pou ou. Gen yon chan ki di "Pyè nou pral rele pyè jou a la ye Pyè nou pral rele pyè jou a la ye M' p'ap kite ledmi bare mwen. M' p'ap kite ledmi bare mwen Nou pral rele pyè Jou a la ye Ti moun yo an nou rele Pyè Jou a la ye" Nan nò peyi Dayiti, yo rele Papa pyè papa tout espri. Papa pyè se yon espri ki trè rèspèkte e trè venere nan nò peyi a. Papa Pyè se yon espri ki senbolize sajès ekonesans. Li se yon dimansyon de Danmbala. Papa pyè se yon mesaje. Li se yon espri ki gen anpil pouvwa. Li bwè kleren menm jan ak eskòt pyè a. Pami lwa pyè yo nou gen. ▪︎Pyè Dambala. ▪︎Papa Pyè. ▪︎Pyè Fere. ▪︎Pyè Aleman. ▪︎Manbo Anayiz. ▪︎Pyè Èzili Pyè. ▪︎Adye Houn Pyè. ▪︎Filomiz Pyè. ▪︎Mouche Pyè. ▪︎Houndile Pyè. ▪︎Kougwe. ▪︎Ayi Gweto. ▪︎Anwezo. ▪︎Fawo Dantò. ▪︎Mawou. ▪︎Nannan Boukan. ▪︎Kebyesou Dangleh. ▪︎Manbo Adelayi Gwo Tete. ▪︎Mètrès Lovana. ▪︎Lenglensou Pyè. Papa Pyè se yon espri tout lòt espri rèspèkte e yo adore nan pye l. Lè ou rive nan yon seremoni nan nò, Kèlkeswa lòt espri ki monte yo di w yo adore nan pye Papa Pyè. Ou mèt tande Jan dantò dezòd, ou mèt tande jan loran dezòd, men nan regleman nò a lè yon moun gen Papa pyè w'ap wè tout lòt espri rèspèkte l. Malgre se espri ak espri. Lè Papa pyè nan yon seremoni tout lòt lwa rèspèkte l. Li bwè kleren kri. Li pale de yon ton sevè. Lè l vini nan yon seremoni li konn fè kèk rekòmandasyon, li bay enstriksyon, li met lòd nan dezòd, li bay prensip. Li pa manifèste fasil. Li pa manifèste nan tèt tout moun. Gen yon kwayans ki fè kwè Papa Pyè manifèste nan tèt moun ki wo, Ti Pyè manifèste nan tèt moun ki kout. Nou p'ap antre nan lojik sa, lwa yo gran moun. Pawòl li se lò. Anpil lakou nan nò, tankou: lakou dereal, lakou jisou, lakou senkadòno, lakou nan kanpèch, lakou kare, elatriye... w'ap wè espri ki an chèf lakou a se Papa Pyè. Li se yon gwo, gwo espri. Li pa konplike. Avèk yon kanari plen dlo oubyen yon krich dlo, oubyen yon danmijann kleren li benyen w tout djòk, tout pwoblèm soti sou ou. Li se yon espri ki pa egzijan, li pa wè lajan anvan. Gen kote li sèvi ak mouchwa vè, gen kote yo ba l pote mouchwa la sent famiy. Gen lakou lè li vini li bwè kleren nan zòrèy li. Li se yon gran moun ki chèlbè anpil. Lè li mache ak yon moun, li bay moun sa anpil sajès. Moun sa ap toujou ka rezoud pwoblèm ki parèt konplike pou lòt moun. Moun ki sèvi papa pyè dwe toujou gen yon danmijann ou byen yon boutèy kleren la pou li ak yon krich dlo. Li sèvi ak baton. Se yon espri ki trè toleran, men ou pa dwe betizye avè l. Li pa renmen kote ki gen bri. Li gen bon regleman. Nan regleman nò a li jwe yon wòl enpòtan nan sèvis lave tèt. Si yon sèvis bloke, Papa Pyè ap debloke l. Li gen kle pou l ouvri nenpòt pòt tankou legba. Lè ou vle adrese l, pran yon krich dlo ak yon chandèl jòn, bay mouchwa l pafen, limen chandèl ou pale avè l. Li bay bòlèt. Li fimen tabak. Li bay pasaj, sajès ak konesans. *Radio ManmanLafrik*

👍 ❤️ 🙏 😮 😂 🪄 👊 👐 👹 123
Link copied to clipboard!