Remèd Fèy
Remèd Fèy
February 24, 2025 at 04:59 PM
Medam, Li enpòtan pou nou gen kontwòl kò nou poun ka konnen lè yon bagay pa nòmal. Nan zafè règ, gen anpil konfizyon lè map poze medam yo kesyon sou kantite san, konbyen jou ak deskripsyon règ yo. Pòs sa se pou Kantite san an. Lèw gen règ, Siw wè ou itilize plis ke 2 kotèks pa jou, e si l dire plis ke 7 jou, sa vle di ou merite al wè yon doktè paske règ la vini TWÒP. Lòt siy ki parèt lè règ la Twòp se lè li fè boul (boul plis ke 2 cm yo enkyetan anpil). Plen maladi ki kache nan kò a lè konsa tankou w ka gen fibròm ou pa konnen. Konsa tou, li ka yon pwoblèm òmon, li ka kache yon andometriyoz, li ka mas nan ovè, li ka maladi san, li ka menm kansè. Pa neglije pale ak Jèn fi yo ki fenk ap fòme yo tou pou yo ka konnen Kisa ki anòmal nan règ yo. Depi se san wap pèdi, se yon sitiyasyon serye. Pa neglije wè doktè w pou yon swivi. Whatsapp: +50943480031 si w bezwen trètman
👍 ❤️ 🙏 😂 😢 😮 🇭🇹 👎 😘 🤣 125

Comments