Remèd Fèy
February 27, 2025 at 04:57 PM
Tatouyaj: Gen yon tandans kap devlope an Ayiti kote majorite jèn gason a jèn fi fè tatou sou yo . An n gade sou angle medikal èske se yon bon ide. Nan fè tatou ou kapab pran viris enfektyèz ak epatit B, C lè yap ejekte lank lan nan po w gen kèk patikil ki ale nan san w akòz de fluide lymphatique yo . Tatouyaj abime po w, Tatouyaj konn kòz ou gen maladie auto-immune, maladie dermatologique. Men kote pou pa janm fè tatouyaj se nan cage thoraxique ou paske zòn sa se zòn kap few gen anpil doulè li egzakteman nan menm degre avèk cheville, pied, main. Se vre ke anpil moun fè tatou pa imitasyon men gen lòt moun kife l jis pou bouste estime- de soi yo. Men m'ap konseye w siw pa janm fè tatou lap pi bon paske gen djòb menm si tatouyaj pa vizib yo mande w èske gen tatou. E genyen ki ale pi lwen ki kon mande w pou fè foto l pou yo ka wè ki imaj ou fè sou kò w. Mwen ta renmen lè nap fè tatouyaj kònen egzakteman ki risk ki kache dèyè l.
Pataje ! Pataje ! https://whatsapp.com/channel/0029VaDpJhhFsn0fy9tgDz3t
👍
❤️
🙏
👏
😂
🇭🇹
👎
😮
✨
💓
151