Remèd Fèy
Remèd Fèy
February 28, 2025 at 12:40 AM
🕳️Enfeksyon vajinal🕳️ Se youn nan enfeksyon ki trè frekan, youn nan premye motif konsiltasyon jinekolojik Li ka koze pa "bacterie ,virus, parasite, levure" Kisa ki ala baz de yon enfeksyon vajinal? Dezekilib milye vajinal la, pa bliye ke vajen an gen yon "flore micro-organisme" ki la Pou protejel , Milyeu vajinal la gen yon PH asid yon chanjman nan : -PH la oubyen de" flore "kap protejel la - yon to anormal de sik( souvan lakay fi ki dyabèt) de antikò(systèm defans ki la pou proteje nou Kont kò etranje) ka trouble flore la. -Menm jan laj -moun kap pran "pillule contraceptive"(fanm kap fè planin) - fanm ansent tout sa ka pertube "flore "la Ki ka kondwi a miltiplikasyon anòmal bakteri a chanpinyon ki nan "flore vaginale la" ki jwe yon wòl protecteur pami bacterie ki pi frekan ki ka kozel nan flore la nou gen "Gardnerella vaginalis" ,e ekzanp de chanpinyon nou gen sa ki nan famille candida ki pral bay "candidose vaginale" , nou ka gen parazit nou ka trape nan rapò seksyèl san proteje ki se "Trichomonas vaginalis" Ki konplikasyon yon enfeksyon vajinal ka bay? Pi souvan li pa bay gwo konplikasyon pa kont li ka responsab de yon avòtman spontane e koman ?si pa exemple jèm sa yo kite vajen an yo migre nan matris la yal chita nan andomèt la sa ki ka vin baw yon endometrite(premye kouch matris la anfle) ke nou jwenn ankò lakay fi kap fè avòtman volontè lè yo fouye bagay matris la sa konn irete pawa andomèt la oubyen lè gen rès debri ki ret anndanl aprè avòtman sil la lontan li ka vin "chronique" sak vin pase ?lè fecondation fin fèt lè zygote la vle nide nan andomèt la a koz de enfeksyon an li pap ka rete...e provoke avòtman spontane an.... - li ka gen konsekans sou nouvo a né a li ka atake zyel nan ka yon gonore oubyen klamidya ,li ka bal sa yo rele "ophtalmie purulente" timoun nan aprè kèk tan nou wè zyel ap bay pij sil pa trete li ka avèg ,anpil moun fèt avèg sa konn lye a ophtalmie ,e si se yon chlamydia an plis de "ophtalmie purulente "lan li ka atake poumon timoun nan se sak fè nap wè aprè yon akouchman gen yon remèd yo met nan zye timoun nan se pou fè prevansyon. li ka atake tronp moun nan tou lè sal pral bay yon "salpingite" ( lè tronp lan anfle ) ki pral declannche yon reyaksyon defans,gwo dega ka fèt ki ka menm bouche trompe lan, lè sa spèmatozoyid la pap ka al rankontre ovocyte II a oubyen fecondation ka fin fèt zygote la bloke li pa ka desann nan matris la, lè sa moun nan pral gen yon gwosès Ektopik , si tronp lan pete moun nan ka mouri pa yon "hemorragie". - li ka anpeche fi an tonbe ansent si vajen an vin twò asid sa kap tiye spèmatozoyid yo Kisaw ap santi oubyen wè Lew gen enfeksyon vajinal? -Doulè e vulve ( Lèv yo) ou ap gratew ki souvan vin gonfle oubyen vin wouj -Chanjman nan odè, aspè, abondans sa nou rele perte vajinal( bagay kap sot vajenw) ki blanch lèl provoke pa yon levure ki baw aspè lèt Kaye, e ki jaune oubyen gri lèl provoke pa yon bacterie fok nou souvan veye fouk kulot nou yo gen vye odè, e ki konn Jaune-verdatre lèl provoke pa yon parazit trichomonas vaginalis nap we sekresyon an gen yon aspè kimen, ki gen yon odè dezagreyab, nan ka yon enfeksyon pa "Gardnerella vaginalis" moun nan ap bay yon sekresyon gri ki gen sant pwason pouri. -Ou konn santi kanal brile lèw ap pipi oubyen doulè Lèw ap fe sèks ,nan kèk ka ra vajen an konn ap bay san an deyò de règ Plizyè fwa nou pa Santi youn nan siy a sentom sa yo kòm nan ka trichomonas vajinalis moun nan enfekte San l pa konnen Ki fi ki a risk? -Fi dyabetik ki souvan fè enfeksyon lye a levure a koz de sik la ki wo -Kay fi ki ansent , kote probabilite a ogmante de 10 a 20 fwa poul trape enfeksyon vajinal -Fi kap fè planin - kay fi kap fè bagay san proteje -fi ki pa metrize prensip ijyèn yo Faktè risk yo Se: -Strès -kèk medikaman kòm moun kap pran antibiotik konsa konsa ,souvan San rezon gen moun ki menm pran antibiotik aprè reg yo di yap netwaye vajen yo eben sin pat konn sa vajen an netwaye Pou kòl, pran antibiotik nenpot koman vin rann jèm yo vin rezistan -moun kap pran "corticoide" ki ka ogmante probabilite pouw trape yon enfeksyon -moun ki gen maladie ki ka afebli system defans ou kòm pa ekszanp SIDA -Lèw ap pot rad sere rad ki fèt a tisi sentetik, ki kenbe chalè kòw ki favorize pwoliferasyon chanpinyon yo(Candida) li tap mieux pouw domi San kulòt -Lèw fè twalèt ou twòp a prodwi San avi doktè -Lèw pot sterilet en cuivre -Lèw gen plizyè partnè seksyèl oubyen fe sèks San proteje Kijanw pouw fè prevansyon? -Byen lave a seche rejyon jenital ou a dlo trete, sepandan pa lavel twòp ni pa sèvi a prodwi pouw fè twalèt ou. -Lew ap esiyew fèl de "l'avant vers l'arrière" pouw evite jèm ki nan "rectum" ou al nan vajenw , menm Jan tou lè w ap fè twalèt de ba ou pa fèl Monte desann fèl avan an aryè ou met benyen 1000 fwa pa jou trou dèyè w ou ap toujou gen jèm, evite pran jèm nan anis nou pot nan vajen nou, pa fè twalèt de ba nou nan kivèt pou dlo ou Jete pouw pa repranl ankò -Evite itilizasyon prodwi pafime (savons, bains moussants, papier hygiénique, tampons) -Pa itilize dezodoran vajinal -Pa plede fè douch vajinal pou reg ijyèn koz sa trouble ekilib natirèl flore vajinal la -Chanje regilyèman tampon(chak 2hr) a kotèks -Domi San souvètman Pou lè ka pase otou "vulve" la, pou evite imidite -Evite pote pantalon a kolan twò sere -Evite pote Mayo de ben pandan anpil tan -Proteje tet nou lèn antre nan relasyon seksyèl -Nan ka enfeksyon ki koze pa "levures" li rekomande poun evite twòp sik Siw Santi ou remake siy a sentom sa yo ou Bezwen trètman WhatsApp : +50943480031
👍 🙏 ❤️ 😂 🇭🇹 🌹 👏 😁 😢 😮 65

Comments