
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
February 1, 2025 at 04:49 PM
📢 Kòmanse mwa fevriye ak enèji pozitif!
Nou antre nan yon nouvo mwa, li lè pou nou mete aksan sou sa ki esansyèl! Ann pa kite mantalite fèb ak esprit krab la anpeche nou avanse. Nou gen yon sèl tè ki sipòte nou, nou gen yon sèl drapo ki ini nou, malgre divèsite nou.
Se rezon sa ki fè nou dwe mete sa k divize nou sou kote epi travay ansanm!
👉🏾 Plante pou nou rekòlte
👉🏾 Sakle pou nou bay espwa
👉🏾 Rouze pou nou grandi
👉🏾 Konstrui pou nou chanje modèl la
Se nan inyon ak konbit nou ka rive gen yon Ayiti otonòm! M’ap raple jèn peyi a, nou se pi bèl pyès nan chanjman an. Ann leve men nou ansanm, ann aji!
Se zanmi w Fridner Jean M., mwen pa konn si w zanmi 😉
#noufò #ayitiotonòm #aksyonpozitif #initepeyi #noupapjanmlage #soveayiti #konbitpouchanjman #jenèsangaje #vivayiti #annbatidemain #unispourhaiti
❤️
2