KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹} WhatsApp Channel

KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}

55 subscribers

About KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}

*_Merci d'avoir suivi chaîne KONBIT NASYONAL L . A  (V.LD)!_* *_🔴urgent"_* *_KONBIT " Kòlektif Oganizasyon Nasyonalis Pou Byennèt Inivèsèl ak Total._* *_Ann kite la vil yo, Ann pran tèt mòn yo,Ann plante, Ann wouze sakle, nou gen fòs, nou konn travail, e nou ka travail, plante lavni se lespwa pou demen miyo._* *_🔴Urgent_* _*Haïti se manman liberté*_ 🗽 🇭🇹 *[email protected]_* *_Psaumes, 145:21 - Que ma bouche publie la louange de l`Éternel, Et que toute chair bénisse son saint nom, A toujours et à perpétuité!_*🙏 *_🔴Urgent_* *_Vivons l'extaordinaire Vivons la liberté d'expressions 🗽, infos,_* *_politique, économie, culture, société, enquêtes...UNE AUTRES PERSPECTIVES SUR LE MONDE, Haïti._* _*Vivons l'extaordinaire Vivons la liberté d'expressions🗽🇭🇹*_

Similar Channels

Swipe to see more

Posts

KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
5/24/2025, 12:05:00 PM

*Nou Pa Kouri, Nou Bati!* Jèn Ayisyen, se pa demen nou ye — se jodi a! Se pa nan kouri kite peyi a n ap konstwi lavni li. Nou dwe rete kanpe, mete tèt ansanm, fè aksyon ki pote chanjman. Frè ak sè nou yo ki lòt bò fwontyè yo, kontribisyon nou enpòtan menm jan ak sa ki lakay! Ann leve kanpe pou n bay Ayiti yon demen ki pi vèt, pi solid, pi diy. Bon Samdi matin! Abòne ak paj VLD KONBIT NASYONAL pou w vin yon aktè nan mouvman chanjman an! *#NouPaKouriNouBati* *#VLDKonbitNasyonal* *#JènPouAyiti* *#AnnMeteMen* *#AyitiSeNouTout* *#AksyonPaPale* *#KonbitPouLavi* *#AyitiDemenDirab* *#PawòlAkAksyon* *#FòkNouFèLi* *#EspwaAnAksyon*

Video
KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
5/19/2025, 4:47:41 PM

Non Pwojè a: Ayitivèt (Yon konbinezon Ayiti + Vèt, ki vle di Ayiti ki vèt, ki dirab, ki pwòp, epi ki gen konsyans anviwònmantal.) 1. Misyon Pwojè Ayitivèt: Bay Ayiti yon nouvo direksyon vèt ak dirab atravè aksyon konkrè sou rebozman, edikasyon anviwònman, ak devlopman kominotè. Pwojè a vle kreye yon Ayiti ki respire, ki pwòp, epi ki pare pou lavni. 2. Objektif yo: Plante plis pase 50,000 pyebwa nan Yon espas estratejik. Sansibilize popilasyon an sou danje deforestasyon ak chanjman klimatik. Kreye opòtinite travay vèt pou jèn yo (. jaden forè, antretyen pyebwa, elatriye). Mete kanpe yon seri "klas vèt" nan lekòl pou fòme ti moun sou enpòtans lanati. 3. Aktivite Pwojè a: Jounen plantasyon: chak mwa, òganize aktivite plante pyebwa ak patisipasyon kominotè. Atelye fòmasyon: pou lidè kominotè, jèn ak elèv sou agroforè, pèmakalti, ak jesyon anviwònman. Pwodiksyon plant: mete kanpe pepinyè (plant nursery) pou pwodui pyebwa fwi ak pyebwa forè. Pwogram volontarya: mobilize jèn atravè peyi a pou vin “Anbasadè Ayitivèt.” Pwodiksyon kontni edikatif: videyo, pòs sou rezo sosyal, pwezi, mizik, ak afich. 4. Benefis ak Enpak Atandi: Rediksyon ewozyon tè ak sekirite alimantè amelyore. Kreye travay dirab nan sektè vèt. Sove sous dlo ak teren agrikòl. Bati konsyans nasyonal sou responsablite anviwònmantal. 5. Slogan Pwojè a: "Ayitivèt: Se pa jis plante pyebwa, se plante lespwa." 6. Patenarya ak KOLABORASYON: Lekòl, legliz, ONG, radyo kominotè, ak lòt inisyativ jèn. Pwojè sa konekte ak KONBIT NASYONAL ak fondasyon VLD. 7. Vizyon Long Tèm: Fè Ayitivèt tounen yon mouvman nasyonal ki chanje jan Ayisyen viv ak lanati. Kreye yon rezo zòn vèt nan peyi a kote kominote yo jere tèt yo ak respè pou lanviwònman. Pou plis enfo sou ayitivèt ou Ka vizite Nou VLDHAITI.WORDPRESS.COM Nou se LESPWA pou demen #fypシ #environmentalsustainability #debout #JusticeForHaiti #haitianfacebook

🙏 1
Video
KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
5/31/2025, 1:44:42 AM

🇭🇹💪🏾 KONBIT NASYONAL lanse chèn ofisyèl li sou WhatsApp! Vini resevwa mesaj lespwa, nouvèl sou aksyon pozitif, ak tout sa n ap fè pou sove Ayiti! 📜 Mesaj nou byen òdone epi yo ekri nan lang manman ak papa nou. 🟢 Abòne epi pataje ak 3 moun ki kwè nan inite, agrikilti, edikasyon ak sekirite! *_👉🏾 Antre nan chèn nan kounye a:_* *[https://whatsapp.com/channel/0029VaKOFHkBKfi1sDKPMQ31]* 🗣️ Ann mete tèt ansanm, paske se ansanm Ayiti ka leve! Ann sipote Sak bon! #KonbitNasyonal #AksyonPozitif #AyitiPouAyisyen *_DG R FRIDNER JEAN M 😇_*

Post image
Image
KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
5/28/2025, 8:34:36 AM

SA KAP FÈT SAINT-MICHEL DE L’ATTALAYE PA PWOGRÈ – SE YON DEGREDASYON KI MENASE AVNI NOU. Nan komin Saint-Michel de l’Attalaye, nan depatman Latibonit, aktivite agrikòl ap kontinye ak tout fòs. Plante kann se yon tradisyon, yon sous revni ki pèmèt anpil fanmi viv, voye pitit lekòl, achte medikaman, e jere bezwen chak jou. Men gen yon danje k ap grandi: Pou fè siwo kann ak kleren, anpil pyebwa ap koupe san okenn plan reboazman. Yo boule yo pou fè chabon pou fou yo, e pifò fwa yo pa replante anyen. Konsekans yo? Zòn nan vin pi vilnerab Lapli diminye Tè a vin sechrès, li pa bay bon rekòt Rivyè yo ap cheche Echanj kout tèm ap lakòz domaj alontèm > Se tankou n ap fè lajan jodi a pou n tonbe nan grangou demen. Tout uit seksyon komin lan deja frape. Si pa gen repons solid, nou riske pèdi komin nan nèt. Kisa Nou Ka Fè Kòm Sitwayen Konsyan? 1. Reflechi sou konsekans yo – Pa kite benefis rapid fè nou bliye domaj ki pral koute lavi jenerasyon kap vini. 2. Adopte nouvo metòd transfòmasyon kann – Itilize fou solè, fou gaz, oswa lòt teknoloji ki pa egzije debwazman. 3. Plante chak fwa w koupe – Fè reboazman vin yon refleks, pa yon chwa. 4. Pale, sansibilize, edike – Pote mesaj la bay fanmi, zanmi, lidè relijye ak lidè kominotè. Ki Responsablite Leta genyen? 1. Aplike lwa sou debwazman ki deja egziste – Lwa yo la, men yo pa aplike. Leta dwe fè respè lwa sa yo vin yon priyorite, ak sanksyon klè pou debwazman san otorizasyon. 2. Mete ajan anviwònman sou teren – Chak seksyon dwe gen reprezantan kap siveye, edike, epi reponn rapidman a zak ki mete lanati an danje. 3. Sipòte agrikilti dirab – Fè disponib zouti, fòmasyon, ak teknoloji ki pèmèt peyizan travay san detwi anviwònman an. 4. Ofri altènativ ekonomik – Devlope solisyon tankou siwo kann natirèl, bioéthanol, ak bwason lokal ki pi responsab. 5. Rejenerasyon ak patenarya – Mete plan restorasyòn rivyè ak zòn vèt yo an plas, ansanm ak òganizasyon lokal ak entènasyonal. Yon Sèl Konklizyon: > Nou pa ka kontinye ap chèche solisyon ki detwi sa ki pi enpòtan – lanati, tè a, dlo a. > Si nou pa aji jodi a, se avni pitit nou n ap komèt. Ann leve kanpe pou pwoteje Saint-Michel de l’Attalaye. _Fridner JEAN M Pou Yon Lòt Ayiti San Eksklizyon “ Nou dwe Rete Kanpe sou Valè – Se Saint-Michel de l’Attalaye!” *https://www.facebook.com/share/16UNB2xEaM/*

👍 1
Video
KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
5/17/2025, 4:49:36 PM

Honorons nos ancêtres par nos actions. Soyons les bâtisseurs d’un avenir meilleur. À la veille de l’anniversaire du drapeau haïtien, symbole de résistance, d’unité et de liberté, je vous adresse mes salutations les plus sincères. En ce moment si chargé d’histoire, souvenons-nous que nos ancêtres ne nous ont pas seulement légué un drapeau, mais un combat, une mission, un rêve d’émancipation. Ils ont versé leur sang pour que nous puissions vivre debout, fiers et dignes. C’est donc à travers nos actions, notre engagement citoyen, notre solidarité et notre détermination à bâtir un pays plus juste, plus stable et plus prospère que nous rendrons véritablement hommage à leur sacrifice. Porter les couleurs bleu et rouge ne suffit pas. Il faut incarner les valeurs qu’elles représentent : courage, fraternité, et sens du devoir. Soyons cette génération qui honore le passé tout en construisant activement l’avenir. Vive le drapeau haïtien. Vive Haïti. #unfrezzmyaccount #fypシ゚ #debout #vld #vivons #LEXPERTFRED #JusticeForHaiti

Post image
Image
KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
5/30/2025, 3:18:27 PM

Si KONBIT lan ap pale de 50,000 pye bwa pou n plante pou Ayiti, e se 50,800 moun sèlman ki gade videyo a, 3,000 ki pataje li, 2,000 abònen, ak kèk j’aime... Antouka, m ap di nou MÈSI. Mèsi pou chak moun ki te pran tan gade, pataje, abòne, oswa mete yon j’aime. Se pa kantite reyaksyon ki pi enpòtan, men angajman chak grenn moun ki kwè nan vizyon an. Pwojè sa a se pa pou mwen, se pa pou yon sèl moun... se pou nou tout li ye! Se ansanm n ap kapab fè li vin reyalite. Nou pa bezwen tann tout moun avanse, sifizan pou nou ki deja konprann valè sa n ap fè a mete men ansanm, mete kè nou ladan l, pou n rann pwojè a vivan, reyèl, e dirab. Chak pye bwa nou mete nan tè se yon souf nouvo pou Ayiti, se espwa pou jenerasyon kap vini yo. Ann mete ansanm, ann fè KONBIT, paske lespwa se nan men nou li ye.

Post image
Image
KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
6/1/2025, 4:23:21 PM

*_Kesyon_:* *"Poukisa lèzòm gen diferan lang, tandiske bèt, zwazo, ak tout sa ki anba dlo yo sanble gen menm kalite son tankou si yo pale menm lang?"* Analiz sou fenomèn nan 1. Lang kòm zouti entèlijans imen: Lèzòm devlope lang ak vokabilè pou tradwi panse, emosyon, eksperyans, epi konstwi relasyon sosyal. Lang pa nou pa sèlman vwa oswa son, men li genyen gramè, senbòl, ak estrikti ki pèmèt n pale sou tan pase, prezan, ak lavni. Diferans lang yo soti nan istwa, klima, kilti, ak eksperyans pèp yo. 2. Bèt ak lòt espès: lang inivèsèl oswa senplifye? Bèt (tankou chen, chat, kabrit), zwazo, ak bèt lanmè yo (tankou dòfin, balèn, pwason) pa pale menm jan ak nou. Yo itilize son, jès, kri, mouvman kò, epi pafwa odè pou kominike. Men sa enteresan: chak espès sanble pale menm jan ak sa ki soti nan espès pa yo. Yon kok chante konsa ann Ayiti, l ap chante menm jan ak yon kok an Afrik oswa an Azi. => Sa kreye yon ilizyon lang inivèsèl nan mitan yo, paske yo pa devlope varyasyon konplèks tankou lang moun. 3. Yon son kriye ki sanble ak "langaj"? Wi, ou wè byen! Son ou tande nan kriye yo se kòd kominikasyon ant yo. Pa egzanp: Yon zwazo ka chante pou di “zòn sa se pou mwen.” Yon chen ka jape pou fè w konnen li fache oswa li kontan. Yon balèn itilize ondes sonò (son infrasònik) pou kominike ak lòt balèn ki lwen. => Sa a se yon kalite langaj tou, men li natirèl epi plis instinktif. Li pa gen gramè oswa vokabilè jan nou genyen li. An Konklizyon, Pandan lèzòm genyen anpil lang ki diferan akoz istwa, kilti, ak devlopman sosyal yo, lòt espès sou Latè — tankou bèt, zwazo, ak bèt maren — sèvi ak yon kominikasyon natirèl, inivèsèl ki pèmèt yo konprann youn lòt san gwo chanjman depann de kote yo sòti. Sa montre ke: Nou chak, kòm kreasyon, resevwa yon zouti espesyal pou kominike. Lang pa egziste sèlman pou pale, men li sèvi pou konekte, kominike, epi viv an amoni ak lòt. Fenomèn lang inivèsèl bèt yo ka fè n sonje inite, senplisite, epi lòd ki ekziste nan lanati a — e petèt sa se yon leson pou limanite aprann pale yon sèl lang: lang lanmou, respè, ak koneksyon. _Abone AK PAJ la pou plis kontni motivan!_ Otè prensipal: Fridner Jean Mandela

Post image
Image
KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
6/1/2025, 12:33:53 AM

AYISYEN VIV PA LA FWA AK ESPWA! Gen anpil nan nou ki gen lafwa vre. Lafwa yo fò, men malerezman, yo pa viv ak espwa. Konsa tou, gen lòt ki viv ak toude — lafwa ak espwa — e se sa ki pèmèt yo kenbe tèt. An 2017, mwen pèdi travay mwen. Apre yon ti tan sèlman, tout rezèv mwen te genyen yo te prèske fini. Li te difisil pou mete manje sou tab la, e mwen pa t konnen kijan m tap peye lekòl pou premye pitit fi mwen. Malgre tout sa, mwen te toujou kenbe kontak ak kèk ansyen kòlèg mwen. Youn ladan yo vin ban mwen tout enfòmasyon sou yon nouvo opòtinite travay nan yon lòt antrepriz. Moman sa a, mwen te vrèman fèb — mantalman ak emosyonèlman. Men, le m resevwa mesaj la, san menm siyen kontra a, mwen gentan kòmanse fè bidjè ak plan pou kijan m ap jere kòb ki poko menm rive. San m pa rann mwen kont, mwen te deja kite tout pwoblèm yo dèyè. Se tankou espwa a te pran direksyon sou lavi mwen. E menm si travay la poko si, mwen te santi tèt mwen deja sou bon wout. Sa montre nou fòs espwa a: espwa pa kite ou chita sou kote laperèz. Espwa leve ou, li mete ou an mouvman, li fè ou kwè ke demen ap pi bon. Jodi a, mwen vin di ou: espwa ou genyen an se yon bon bagay. Men li t ap pi bon toujou, si ou mete li an aksyon. Twòp nan nou ap tann — n ap chita ap tann bagay chanje san nou pa fè okenn efò pou sa. Leve! Soti nan domi w la. Bay tèt ou yon lòt direksyon. Pran wout ki ka pote fwi pou ou, pou fanmi w, epi pou kominote w. Espwa se pa sèlman kwè ke sa ou swete a ap rive. Espwa se kwè, men se tou leve, aji, fè efò, pran risk, epi pa janm lage. Se mesaj sa a mwen pote pou ou jodi a, 31 me 2025. DEMEN SE YON LÒT OPÒTINITE... FRIDNER JEAN M.

Post image
Image
KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
5/18/2025, 11:51:20 AM
KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
5/16/2025, 3:41:54 PM

Gwo bonjou pou nou tout isit la! M'ap swete nou deja ap pase yon bon kòmansman wikenn lan. Se pou jou sa yo pote lapè, kè poze, ak enèji pozitif pou chak grenn nan nou. Ann pwofite repoze, reflechi, epi prepare tèt nou pou semèn kap vini an ak plis fòs ak espwa. Bon wikenn tout moun!

Post image
Image
Link copied to clipboard!