
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
February 2, 2025 at 04:28 PM
*Orijin AK fomasyon*
Vizyon Yon Nouvo Ayiti: Istwa VLD ak Konbit la
Mwen se *Fridner Jean M Paysans*, yon pitit Limonade, men mwen te grandi nan komin *Saint-Michel de l'Attalaye,Artibonite*. Mwen te fè etid mwen nan plizyè kote, men mwen te konplete yo nan Lycée François Capois de Limonade.
2019 te yon ane ki make nou tout. Peyi a te bloke, lavi te difisil, ak espwa te kòmanse disparèt nan kè jèn yo. Se nan moman sa a mwen te poze tèt mwen yon kesyon fondamantal:
“Si nou pa fè yon bagay pou nou menm, kiyès k ap fè l pou nou?”
Jèn yo te gaye, san direksyon, san estrikti. Nou te bezwen plis pase fristrasyon—nou te bezwen yon vizyon, yon mouvman, yon fòs ki rasanble nou.
Se konsa VLD (Vivons l’Extraordinaire, Vivons la Liberté d’Expressions) te pran nesans. VLD te vin tounen yon espas pou reve, panse, e eksprime sa nou vle pou peyi nou. Nou te vle kraze chèn laperèz ak dekourajman, e mete limyè sou pouvwa ki nan men nou pou nou kreye chanjman.
Men nou te byen konprann yon bagay:
Mo sèlman pa sifi. Fòk nou mete aksyon dèyè vizyon an!
---
Lide KONBIT la: Yon Nouvo Modèl Angajman
Se sou prensip sa a nou kontinye ak lide Konbit la. Konbit la, se lespri travay kolektif ki te toujou egziste nan rasin nou kòm Ayisyen. Se modèl zansèt nou yo te itilize pou konstwi lakou, plante jaden, leve miray, epi reyalize bagay ki pi gran pase chak moun pran poukont li.
Jodi a, nou vle ba li yon nouvo dimansyon. Nou vle Konbit la tounen yon filozofi aksyon, yon metòd travay, yon modèl devlopman kote nou mete fòs nou ansanm pou rebati kominote nou yo epi revalorize diyite nou kòm pèp.
Nou pako reyalize aksyon konkrè, men nou ap batay pou mete lide a vivan, pou ankouraje angajman, pou fè chak moun konprann ke chanjman Ayiti a pa depann de lòt nasyon, men de nou menm!
---
VLD Jodi a: Yon Fòmasyon Pou Mouvman Pi Gwo
Jodi a, nou bay VLD yon lòt figi:
Se pa sèlman yon espas pou panse men tou yon espas pou prepare aksyon
Se pa sèlman yon platfòm pou diskite men tou yon fondasyon k ap mete Konbit la an aplikasyon
Nou mete sou pye gwoup diskisyon kote nou pataje refleksyon sou chanjman nou vle wè
Nou ouvri yon tab aktwalite kote nou analize reyalite sosyal nou epi nou eseye jwenn chemen ki mennen nan solisyon
Nou mete pòt nou louvri pou tout frè ak sè nou ki vle vin angaje tèt yo nan batay la pou reyalize rèv nou genyen pou Ayiti
---
Yon Apèl Pou Fòs Nou Mete Ansanm!
Nou konnen li difisil. Nou konnen chemen an long. Men nou refize abandone. Nou kwè nan Konbit la, nou kwè nan lide nou yo, nou kwè nan kapasite nou pou leve, mete tèt ansanm, epi bati yon Ayiti kote nou chak ka viv ak fyète.
Nou pa di nou gen tout solisyon yo, men nou di nou p ap rete tann solisyon soti lòt kote! Nou menm jèn Ayisyen, nou gen obligasyon pou nou mete men, paske pa gen pèp ki ka chanje si li pa kwè nan tèt li!
Nou envite nou tout ki kwè nan lide sa a pou rantre nan mouvman an! Se ansanm nou ka fè l
*Jean fridner M. Haïtien otantik* 😇
🙏
1