
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
February 5, 2025 at 10:15 PM
*_📌 TIT: Yon Sèl Tè, Yon Sèl Drapo: Batay pou Yon Ayiti Pwòp, Pwospè ak Ini_*
Ayiti se tè nou, li se sous lavi nou! Ann leve ak tout konviksyon nou pou n repran tèt mòn nou yo, travay tè a ak kè kontan, plante, sakle, wouze, fè elvaj. Ann mete men pou n jwenn manje ak lèt, manyòk, patat, yanm, bannann, mayi, pitimi, diri ak pwa pou timoun nou yo ki lekòl ak sila ki lakay. Nou dwe sonje se pa sèlman nou ki konte, men tout moun gen plas yo nan devlopman peyi a.
*_Sekirite ak Pwoteksyon pou Yon Nasyon Fò_*
Nou bezwen polis nou yo pou sekirite nasyon an, nou bezwen sòlda nou yo pou pwoteje fwontyè nou yo ak espas estratejik nou yo. Nou se yon nasyon ki gen diyite, nou pa dwe aji tankou pèp ki pèdi wout. Se travay kòlèktif nou ki pral mete Ayiti sou chimen devlopman li.
Lanmou Olye De Lènmi, Travay Olye De Dechoukay
Nou se pitit premye pèp nwa ki te bay libète pou tout limanite. Istwa nou sifi pou di ki moun nou ye. Se pa move zak ki pou defini nou, men pito aksyon nou pran pou bati yon Ayiti ki pi djanm. Ann bay lanmou plas li nan kè nou, nan kominote nou, nan tout nivo sosyete a. Lènmi, rayisans, divizyon pa gen plas lakay nou. Se travay ki dwe ranplase dechoukay, se konpetans pwofesyonèl nou yo ki dwe sèvi pou chanje sa k pa bon.
*_Yon Apèl pou Linyon ak Aksyon_*
Ann pa trayi frè ak sè nou, nou se senbòl lanmou, se nou ki bay li nesans. Ayiti bezwen nou, li bezwen tout men nou yo, tout kè nou yo, tout enèji nou yo. Ann mete tèt ansanm pou nou bati yon Ayiti kote chak Ayisyen ka viv ak diyite. Nou gen yon sèl tè ki sipòte nou, yon sèl drapo ki ini nou.
Ann leve kanpe, ann aji! Ayiti se pou nou, nou pa ka rete tann lòt pou vin sove li.
_*✅ Fridner Jean M, HAYTIEN otantik Redaktè Prensipal*_
_(Pa modifye, pataje, fè kòmantè epi ajoute yon abònen pou kontinye travay la!)_
❤️
1