
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
February 10, 2025 at 09:35 PM
*_"Moun yo, pi gwo richès Ayiti: Ann mete fòs pou nou rebati!_*
Richès yon peyi se pa sèlman lajan, lò, ni dyaman, men pito moun li yo! Se yo ki ka mete konesans yo, kapasite yo ak lanmou yo pou peyi a ka grandi epi monte sou echèl entènasyonal la.
Ann mete moun yo an valè! Ann travay men nan men, tèt ansanm, pou nou rebati Ayiti san nou pa fè san koule. Chak Ayisyen gen yon wòl pou jwe nan chanjman nou vle a. Se pou sa, nou lanse yon apèl bay 300 diaspora ayisyen ki byen ekipe, ak lanmou patriyotik, pou mete fòs ak nou nan chak depatman. Ayiti gen 10 depatman, ann mobilize pou nou mete chak ladan yo sou wout devlopman dirab.
Peyi a ap soufri twò lontan, ann pa fè tèt di! Tan pou nou aji a rive. Si nou chita ap gade, si nou mouri san nou pa fè anyen, se tankou nou pa t janm egziste.
Viv lanmou, bon konprann ak konbit! Ann mete fòs pou nou rebati Ayiti nou vle a! ✊🏾🇭🇹
#ayitipouayisyen #konbitnasyonal #travaymennanmen #300pouayiti #noupapjanmlage #yonlòtayitiposib #ayitisenoutout
*_FRIDNER JEAN M redaktè pwensipal pase vizite nou sou Tout rezo yo AK Yon sèl non KONBIT nasyonal™ AK facebook ki se VLD vivons l'extraordinaire vivons la liberté d'expression 🇭🇹_*
❤️
1