KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
February 11, 2025 at 02:40 AM
📢 Ki objektif gwoup Vivons l’Extraordinaire, Vivons l’Expression de la Liberté? Nou vle sansibilize jenès la ak tout kominote nasyonal la sou nesesite pou nou konprann valè ak enpòtans filozofi ak politik sosyal gwoup la. Nou fonde sou yon gwo eritaj ki dwe konsève nan linyon ak libète nou. Ede sosyete ayisyèn nan, ki plonje jounen jodi a nan yon latwoublay total, sonje kote l soti (rasin li) kòm yon sosyete, pou nou travay memwa sa a epi kite l sèvi nou kòm gid. Angajman nou 1️⃣ Rasanble tout gwo lide papa nasyon an tankou yon eritaj politik ak sosyal pou peyi a. 2️⃣ Travay kole kole pou aktyalize lide sa yo, nan efò pou nou retire Ayiti nan katchouboum kote li ye jounen jodi a. Kad Jeneral Nou ✅ Yon Leta ki fò politikman epi granmoun. ✅ Yon Leta solid sou plan ekonomik. ✅ Yon Leta sosyalman pi jis e entegre. Wi, nou bezwen sa! Konbit la deja kòmanse, kon lanbi a p ap janm sispann sonnen! ✊🏽 Nou rasanble, nou ini, nou chante LIBÈTE! 🎶 Nou ap goumen pou lavni ak byennèt kolektivite a. Batay emansipasyon pèp souveren an dwe kontinye! 💪🏾 Plante lavni se lespwa pou demen miyò. 🌱 📢 Nou vle lapè nan peyi a! 📢 Nou vle lapè nan katye yo! 📢 Nou vle lapè nan tout lari yo! 🔥 Vivons l’Extraordinaire, Vivons l’Expression de la Liberté! 🔥 #vivonslextraordinaire #vivonslexpressiondelaliberté #ayiti #lapè #jistis #inite #pwogrè #emansipasyon #noupapjanmlage #konbit #nourasanble #libète #fridnerjeanmandela
❤️ 1

Comments