
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
February 11, 2025 at 03:26 AM
*_Haïti, peyi libète ak eritaj inegalab_*
Haïti se yon peyi ki te fè istwa lè li te premye nasyon nan mond lan ki te deklare endepandans li nan lane 1804, apre yon revolisyon ki te mennen pa esklav ki te lite pou libète yo. Sa a te yon egzanp pou tout limanite sou kapasite pèp nwa pou yo defann dwa yo ak libète yo.
Vivons l'Extraordinaire, Vivons la Liberté d'Expression
Nou dwe kontinye onore eritaj sa a epi sèvi ak li kòm yon zouti pou avanse. Gwoup HAYISYEN ANGAJE pou Yon HAYTI DEMEN' DIRAB dekonsè AK KONBIT NASYONAL, ap travay pou sansibilize jenès la ak tout kominote a sou enpòtans libète d'expression ak responsablite pèp la kòm premye pèp nwa ki te libere tèt li. Nou gen tout resous ak richès pou asire yon avni miyò pou pitit nou yo.
*Nou pap bay legen, nap rive dwat*
Nou pap kite okenn obstak fè nou dekouraje. Nou pral kontinye lite pou libète, jistis, ak pwogrè. Lè nou mete ansanm, nou ka simonte nenpòt difikilte epi bati yon Ayiti ki pi fò ak pi inifye.
Vérité à pap kache, tort ou tard apse à ap pète nan boul figure yo
Verite a toujou sòti nan limyè. Nou dwe kontinye chèche verite a, menm lè li difisil, paske li se sèl chemen pou gerizon ak pwogrè.
*#ayitilib1804 #libète #jistis #pwogrè #inite #ayiti #noupapbaylegen #vivonslextraordinaire #vivonslalibertédexpression #ayitifò #ayitiinifye #ayitiavnimiyò #ayitinoupapbaylegen
🙏
1