KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
February 13, 2025 at 12:26 PM
*Lè Wa yo neglije pèp la: Yon paralèl ant Israël ak Ayiti* Lè nou gade istwa Israël nan Bib la, nou wè te gen anpil wa ki te mete enterè pèsonèl yo anvan byennèt pèp la. Yo te neglije responsablite yo epi kite pèp la soufri, menm lè yo te kapab pran bon desizyon pou soulaje yo. *_Egzanp Biblik:_* 1. Wa Saül – Olye li te suiv volonte Bondye, li te fè sa ki nan enterè pèsonèl li (1 Samyèl 15). Se poutèt sa, Bondye te retire wayòm nan men li. 2. Wa Achab – Li te marye ak Jezabèl, li te mennen Israël nan idolatri epi li te pi pito defann enterè pèsonèl li pase byennèt pèp la (1 Wa 21). 3. Wa Manase – Li te enpoze idolatri ak mechanste sou pèp la, sa ki te mennen destriksyon Jérusalem (2 Wa 21:1-18). Malgre tout soufrans sa yo, Bondye te toujou reponn lè pèp la tounen vin jwenn li. Li te voye pwofèt, li te leve lidè tankou David, Ézékias ak Josias pou mete pèp la sou bon chemen. Bondye toujou pare pou delivre pèp li lè yo mande li ak tout kè yo. *Paralèl ak Ayiti* Jodia, Ayiti ap viv soufrans ki sanble ak sa pèp Israël te pase. Anpil lidè mete enterè pèsonèl yo anvan nasyon an. Kriz, mizè, ensekirite ak enstabilite ekonomik ap detwi lavi popilasyon an. Men, menm jan Bondye te retire Israël anba sistèm koripsyon ak idolatri, li kapab fè sa pou Ayiti tou. Sa pou nou fè: 1. Pran pasyans epi kwè nan delivrans Bondye – "Mande, n’a resevwa; chèche, n’a jwenn; frape, y’a louvri pou nou" (Matye 7:7). 2. Travay ansanm pou mete peyi sou ray devlopman – Bondye sèvi ak moun ki dispoze travay pou chanjman. Ayiti bezwen moun ki angaje pou konstwi olye detwi. 3. Retounen sou prensip Konbit la – Solidarite, lanmou pou peyi, ak angajman kolektif se kle pou libere nasyon an. _Bon jeudi matin 😇_ *_jean fridner M*
❤️ 1

Comments