
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
February 13, 2025 at 04:59 PM
*Mwen Se Mwen*
Pa wè m renmen yon bagay pou renmen l tou!
Pa wè m mande yon bagay pou mande l tou!
Pa wè m fè yon aksyon pou fè l tou!
Mwen se mwen, mwen gen pwòp vizyon pa m, pwòp pasyon pa m.
Mwen pa suiv, mwen kreye.
Mwen pa imite, mwen inove.
Mwen pa mache sou tras lòt, mwen trase chemen pa m.
_*Enspire w de sa mwen fè, men fè pa w!😇*_
Se pa imite m, men kite sa m fè a ba w fòs pou mete aksyon sou rèv ou.
Ou lib pou w chwazi, pou w viv, pou w reyalize sa ki fè w plezi.
Men libète san disiplin se dezòd.
Se pou chak aksyon w fè, chak panse w mete an aplikasyon, toujou fèt ak respè, ak kè poze, epi nan bon kondisyon!
— Fridner Jean M. 🔥
👍
1