KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
February 18, 2025 at 11:55 AM
Se Sou pye bwa kwochi, kabrit jwenn elan Pou monte Bwa dwat. *Leson Moral* Mesaj sa montre nou ke chanje sitiyasyon ou depann de fason w adapte ak opòtinite ki devan w. Kabrit la, ki reprezante yon moun ki vle monte pi wo, sèvi ak yon pyebwa kwochi (yon sitiyasyon difisil oswa yon obstak) pou rive nan yon pyebwa dwat (siksè ak estabilite). Sa vle di: Pa janm underestimate obstak yo nan lavi a, paske menm difikilte yo ka tounen eskalye w bezwen pou w rive pi lwen. Sa ki ka konstwi moun 1️⃣ Rezilyans – Aprann itilize defi kòm motivasyon pou grandi. 2️⃣ Entèlijans – Fè estrateji sou kijan w ka itilize resous ki disponib pou w avanse. 3️⃣ Lidèchip – Moun ki reyisi se pa sila yo ki chape anba difikilte, men sa yo ki aprann sèvi ak yo. 4️⃣ Espwa ak vizyon – Malgre w kòmanse ak obstak, ou ka rive kote w vle ale si w gen bon estrateji. *Teks biblik ki mache AK tèks la:* Job 14:7 "Pou yon pyebwa, gen espwa; Si yo koupe l, li kapab rejwenn fòs li ankò, li va kontinye pouse." ✅ Lidèchip & Rezilyans – Menm si lavi mete w fas ak difikilte, ou ka repouse epi grandi pi fò. 2️⃣ Romen 8:28 "Nou konnen tout bagay travay ansanm pou byen moun ki renmen Bondye, pou moun li rele dapre plan li." ✅ Fè opòtinite ak move sitiyasyon – Menm lè lavi sanble kwochi, Bondye ka itilize l pou mennen w kote Konklizyon Lavi se pa yon liy dwat, li chaje ak chimen kwochi. Men si w gen volonte, ou ka itilize menm defi sa yo pou mete w sou chemen devlopman. Pa janm pè difikilte, sèvi ak yo pou grandi! *FRIDNER JEAN M.* Banm Yon abone sou Facebook AK chenn WhatsApp la https://www.facebook.com/profile.php?id=61555132828546&mibextid=ZbWKwL

Comments