
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
February 20, 2025 at 10:13 AM
KONSYANS: SE PA YON RÈV, SE YON Aksyon!
Pèp la Pap Janm pran konsyans si l kontinye rete tankou yon timoun k ap tann èd paran li. Se pa gras ak pitye nou ka chanje sitiyasyon an, men se ak jèn fi ak jèn gason vanyan ki kwè ke peyi a bezwen chanje, pa dirije!
Se nou ki pou mete Ayiti sou wout devlopman!
Se pa pale, se aji. Se pa plenyen, se Konbit!
Nou dwe kòmanse jodi a menm:
🔥 Òganize Konbit nan katye yo
🔥 Tande lidè ki gen vizyon pou mennen nou pi lwen
🔥 Ranmase bwa, wòch, fè sakrifis pou limen dife chanjman an
Pa tann! Se Jodi a li dwe fèt!
> Bib la di:
"Leve, klere! Paske limyè ou rive, epi laglwa Senyè a leve sou ou."
— Ésaïe 60:1