Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
February 9, 2025 at 04:06 PM
🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹
Tan an p ap kanpe pou l tann pèsonn
Tan an pa mache ni devan ni dèyè pyès moun
Li kouri san pran souf san poz
San l pa janm bouke
Si ou pa eksplwate tan an nan chak moman lavi w
Pou w reyalize tout rèv ou ti pa ti pa
Se pa sèlman tan w ou gaspiye
Men se pwòp resous ou w ap mal etilize
Ki ka lakoz efò w yo disparèt nan yon bat je
Toudayè pèsonn pa ka gaspiye tan an
Men ou ka gaspiye tan w nan tan lavi a te sere pou ou
Paske tan an ap toujou dire 24 è chak jou
Si w rete san w pa fè anyen nan chak opòtinite tan an pote ba ou
Se atravè tan an ankò ou pral regrèt
Paske se sa ou fè kounya ki pral ba ou rezilta nan yon ti tan ankò
Pwiske chak segonn ou genyen
se yon gwo sous richès pou ou
Ebyen sèvi ak tan ki depann de ou :
Pou w kreye
Pou w pataje
Pou w grandi
Pou demen ou pa di :
"Tan an ale kite m
li p ap janm retounen
Tan an kouri kite m
San m pa menm wè
sa m regle pou laj mwen"
Paske tan an fè tan pou li toujou gen tan
Se sa k fè gen yon tan pou chak bagay akonpli nan linivè
Men tan ki pase
p ap janm retounen
pou lòm mòtèl.
#sherly_tanis_cator ✍🏽
https://x.com/SherlyTanis/status/1887840323596099900?t=u4lO7rvX_IWwzB2anU8KAw&s=09
🙏
1