Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR WhatsApp Channel

Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR

90 subscribers

Similar Channels

Swipe to see more

Posts

Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
6/16/2025, 12:16:00 PM

🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 #Tant_Da_fè_yon_rèv Yon rèv ki sonnen tankou tanbou Nan tout lakou kote manman nou Kòmanse rele pitit li yo retounen Li wè solèy leve sou tèt mòn yo Nan tout rakwen peyi nou Ayiti San pè, san grangou, san zam Rèl timoun yo tounen kri kè kontan Epi lekòl lavi bay bon jan sitwayen Jèn gason, jèn fi, nan tèt ansanm Ap rekonstwi tout sa nou te kraze Wi, Tant Da reve yon peyi tou nèf Kote lonè ak respè pa egal lawont Kote mo "Diyite" ak "Fratènite" Mete ansanm pou ponn vrè libète Se pa sèlman pale san fè aksyon Matant Da reveye byen bonè Tout moun kòmanse gen lespwa Paske chodyè ki monte sou non n Pral resi desann sou non nou tout Lè sa n reyalize rèv sa se rèv pa nou Paske, menm jan Tant Da pa janm sispann klewonnen byen fò : "Yon rèv pa vo anyen, si l pa tounen yon sous lespwa pou tout pitit tè a. Men yon rèv sispann rèv lè li rete toufe anndan konsyans moun k ap reve san reveye". #Sherly_Tanis_CATOR ✍🏾 https://x.com/SherlyTanis/status/1934585384723182052?t=zGYq0hWpj_ngFp2E8qPryg&s=09

❤️ 3
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
6/15/2025, 8:53:56 AM

🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 #Tant_Da pa pran nan fo mamit Li konn lodè ak gou manje konbit Li detekte enèji ak lide malonèt Pou fè move rèv tounen bèl vizyon Li konn lè boukantay ap byen fèt Anyen pa ka twonpe bon sans li Tant Da se moun tout moun lakay Yon nanm ki aji pwòp san fè bitay Eksperyans montre l kase koub San l pa janm dewoute ni koube Menm si w ta wè l do ba Ak yon baton gayak nan men l Li pa sèvi ak kout chaplèt pou l Krabinen okenn moun nan bouk la Paske li kwè nan dyalòg ak antant Anyen pa ka pran bonnanj Matant Lè sikonstans yo ap fè li filalang Palavire lavi pa etenn esperans li Chak konpatriyòt gen yon Tant Da Bò kote w oubyen anndan kè w Pa sispann deplaye bon legzanp Tant Da trase pou tout jenerasyon. #Tant_Da_se_eritaj_nou_tout #Memwa_Grandèt_se_gwo_richès #Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽 https://x.com/SherlyTanis/status/1934171614913974405?t=f5NMIurbGR1_bAfjrGU8Nw&s=09

❤️ 3
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
6/20/2025, 9:14:39 AM

🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Sans nou pran sant pouri Nan chak ka n fou nan chak ri Tout wout bare ak bayawonn Nan plede reflechi sèvo n vle fonn Sa ki pi malouk la se lapli move zè Ki pa sispann tranpe n jouk nan kè Epi n gen repiyans lè nou konprann Se sèl nou menm ki pa konprann... #Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽 https://x.com/SherlyTanis/status/1935988455302988022?t=EFdQQgEdA8sEMUuQnPskpw&s=09

❤️ 🙏 2
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
6/17/2025, 9:23:39 AM

🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Ofri tèt ou ak limit. #Sherly_Tanis_CATOR ✍🏾 https://x.com/SherlyTanis/status/1934904137889796410?t=CKTwLPXBI90-DoIzWKjK7Q&s=09

❤️ 2
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
6/14/2025, 11:42:31 AM

🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Tant Da leve byen bonè nan maten Pou l al bouske sekrè lavi Mwen menm, mwen rete kè poze Nat mwen plen lodè rèv k ap kanni Isit, lajenès ap trakase kò tèt dwat San konnen kote pòt lavi ap louvri Pou n jwenn bon debouche san katastwòf Nou fin delala nan ekri pwojè... Chemen an parèt flou devan je n Men je n chaje ak etensèl lespwa Nou pa gen tout repons pou dividal Kesyon k ap toufonnen lespri nou Men lafwa n pa lage nou yon may Tankou flanm dife k ap ponmen anba sann Tankou lanm lanmè k ap bese leve Se konsa n pran tan pou n tann Pandan n ret makonnen ak vizyon Ki mache kòtakòt ak aksyon Lavi a pa di n kilè ni kijan Men fòs detèminasyon n pouse n Mache ak tèt anlè Ak vwa Tant Da andedan kè n Ki toujou di : "Pa chita sou rèv ou ! Leve kanpe, fè l ateri.” #Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽 https://x.com/SherlyTanis/status/1933852258657042783?t=-ypoxEASRuGf7tTOA8lgxg&s=09

❤️ 2
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
6/19/2025, 3:44:16 PM

🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Jedi 19 jen 2025 Se avèk anpil kè kontan mwen vin patisipe jodi a nan 31yèm edisyon “Livres en folie”. Gwo evènman literè kote anpil otè ak lektè nan tout kategori kase randevou nan yon anbyans liv tout koulè. Se okazyon tou pou piblik la pwofite fè dyalòg ak otè yo, viv bèl retwouvay, mare zanmitay epi debouche lespri yo sou lespwa ak konesans. Pami tèks ki atire atansyon m pou maten an, se yon rekèy kolektif ki titre : " Fleurs de chaos". Se yon gwoup elèv S3 nan "J'apprends Institution Privée Mixte de Thomassin ki ekri liv sa a. Yon zèv nan lang fransè ak kreyòl ki touche m ak kalite, sansibilite epi pwofondè pawòl yo, tankou : Pèp Ayisyen - Rèv Ayiti - Femmes et fières de l'être - La lueur de l'optimisme - Marabou, pou m site sa yo sèlman. Mwen envite nou vin eksplore talan ak richès atizay gwoup jèn sa yo ap pataje ak nou jodi a. #Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽 #Petyonvil_Ayiti 📸 : #Jimmy_DERONIS https://x.com/SherlyTanis/status/1935721918390554728?t=8bnqU3pT0eBwZqUpDdltaA&s=09

❤️ 1
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
6/21/2025, 11:02:32 AM

🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Nou leve chak maten Van ap bale pli sou figi nou Nou pa wè si kalbas lalin ap fè nou filalang Se pa fòt nou si n di nou pèdi ray Men nou pa deraye Se paske n ap mache je kale De men nan pòch sou eskelèt San kè n pa tounen Men sèvo nou prèske detounen San analiz ni terapi Nou reyalize tank n ap bwè te Se atò n ap delire Pèson pa lakòz si nou nan ka Men k ap peze soufrans sou zepòl nou pi lou pase chay n ap redi pote chak jou Nou se pitit wòch dife byen solid Men nou santi nou fin kofre Plenn nou pa menm anvi fini Tout lasent jounen se kout soupi Nou se loray k ap chavire tenèb anba rak demagoji abiye santi bon Pandan tèt nou ap balanse de bò Kò n menm nan rezistans pou viv Paske n gen yon pil rèv n ap kouve. #Sherly_Tanis_CATOR ✍🏾 #20_Jen_2025 https://x.com/SherlyTanis/status/1936357241289842777?t=FQ4zyXH9OuwcL1V7AbIYPA&s=09

🙏 ❤️ 3
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
6/14/2025, 11:51:34 AM

🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Tant Da leve byen bonè nan maten Pou l al bouske sekrè lavi Mwen menm, mwen rete kè poze Nat mwen plen lodè rèv k ap kanni Isit, lajenès ap trakase kò tèt dwat San konnen kote pòt lavi ap louvri Pou n jwenn bon debouche san katastwòf Nou fin delala nan ekri pwojè... Chemen an parèt flou devan je n Men je n chaje ak etensèl lespwa Nou pa gen tout repons pou dividal Kesyon k ap toufonnen lespri nou Men lafwa n pa lage nou yon may Tankou flanm dife k ap ponmen anba sann Tankou lanm lanmè k ap bese leve Se konsa n pran tan pou n tann Pandan n ret makonnen ak vizyon Ki mache kòtakòt ak aksyon Lavi a pa di n kilè ni kijan Men fòs detèminasyon n pouse n Mache ak tèt anlè Ak vwa Tant Da andedan kè n Ki toujou di : "Pa chita sou rèv ou ! Leve kanpe, fè l ateri.” #Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽 https://x.com/SherlyTanis/status/1933854317930242158?t=B5IqJqu9FKAiaYRwMqNg0g&s=09

❤️ 🙏 2
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
6/13/2025, 11:57:43 AM

🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Konpatriyòt ! Si w santi mond lan vle efondre avè w Leve tèt ou epi redrese w Chache limyè ki anndan ou Pa rete ap tann yon mirak Pa chita ap konte zetwal ki pral tonbe tankou lagrèl Paske gen limyè ki pa bezwen elektrisite pou l limen Tankou rasin ki grandi anba tè Ou pa oblije rete atè Pou ou pran bon elan Pandan w atè ou ka konekte anlè Tout sa ou bezwen pou w kanpe Se pa kite anyen, ni pèsonn fè w bliye si fòs avèk feblès Se de sè marasa Youn pare kou pou lòt Sa youn pa rive fè Lòt la fin akonpli l Chachè kote ou fèb Kore senti w ki vle brannen Ak kouraj byen vanyan Apiye w sou bò ou pi fò a Pou w fè bitay tounen viktwa. #Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽 https://x.com/SherlyTanis/status/1933491803094646993?t=v6jMYD3vfGneYPay5jhSsg&s=09

Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
5/18/2025, 2:37:37 AM

Suivre la chaîne VISIO - COM S.A sur WhatsApp  : https://whatsapp.com/channel/0029VbAefmz2P59uJV4bh73R

Link copied to clipboard!