Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
February 9, 2025 at 04:10 PM
🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹 Souvan ou konn panse obstak yo se pi gwo pwazon ki kanpe sou chemen w pou anpeche w vanse Anpil fwa se pa janm vre Kèk fwa pikan kwenna konn sèvi w pon pou w travèse gwo enpas Gen yon seri gwo wòch ki kwaze pye yo nan mitan kafou lavi w Ou mèt kwè yo pa vini pou kraze w Yo se ajan ki gen yon misyon envizib pou ede w devlope tout fòs ki anndan w yo Si tout bagay toujou byen dous pou ou Ou p ap janm konn gou advèsite ak ki pwa fonse w peze nan lavi Paske chak advèsè w yo se pyon pou siksè w Yo se kle pou louvri pòt enposib yo ak vewou pou fèmen tout pòt negatif yo devan w Lènmi yo se zèl kat ki pral fè w deplwaye dènye enèji ki te kache nan ou pou w atenn bout wout ou Epi redekouvri pwòt tèt ou Paske se pa tout moun ki ka viv san egzistans pwoblèm marasa yo Youn pa mache kite lòt Lè w fin rezoud youn li pase mayèt la bay youn oubyen plizyè lòt akolit li Konsa w toujou nan gwo lit Si ayè w te chape anba move lavi Jodi w naje jan w kapab pou w soti Demen w pral selebre viktwa w yo ak fyète Se gras ak fòs Limyè nan linivè plis tout lènmi ki te kanpe an kwa de pye devan w pou bare destine w Lè w ap limen bouji selebrasyon lapè Ou dwe chak lènmi sa yo yon dòz rekonesans Paske yo kontribye nan moun ou ye jodi a ak moun ou pral devni pi devan. #sherly_tanis_cator ✍🏽 https://x.com/SherlyTanis/status/1887479942788637023?t=eMfQBIlbwdEeoXkOxQwPGg&s=09
❤️ 1

Comments