Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
February 9, 2025 at 04:11 PM
🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹 Mwen reve yon lòt limanite Men se pa yon rèv moun k ap reve ni nan dòmi ni nan je klè Tout sans mwen sou mwen Mwen pa pèdi ni de ni twa fèy nan bon sans mwen Men se konsyans mwen k ap pale avèk mwen Mwen reve yon limanite kote moun pran lòt moun pou moun Kote moun pa gade moun sou je men nan lonè ak respè san imilyasyon Yon limanite kote dwa tout moun respekte Kèlkeswa ras li Kèlkeswa nivo konesans li Kèlkeswa sa li posede Apresyasyon pa ta dwe mezire nan ti mamit patipri ak selon orijin moun Jistis se merit ki mache ak lwayote Nan byen trete moun ki bò kote nou Se pa yon onè ni yon favè Men se pito yon dimansyon nan degre limanite w ki fè w gen plis respè pou lavi moun. #sherly_tanis_cator ✍🏽 https://x.com/SherlyTanis/status/1886803870141104217?t=9AKgRCh-_iTQMGICYUwYPA&s=09
❤️ 4

Comments