
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
February 15, 2025 at 08:18 PM
🇭🇹#bonjou_konpatriyòt 🇭🇹
Menm jan anyen pa ka achte
ni ranplase renmen ak respè
nan rapò moun ak moun
Se konsa tou apresyasyon
nou bay chak jès ki gen anpil valè pou nou
dwe sèvi nou tankou zetwal pou n dekore kouwòn
sou tèt chak moun ki bò kote nou
Li ka yon mo remèsiman
yon jès yon akolad oubyen yon souri sensè
Ki tradwi kontantman nou
nan yon dimansyon ki retounen jwenn moun sa sou yon fòm oubyen yon lòt
E sa senbolize ekspresyon rekonesans nou pou gwo kado lavi ban nou
Konpatriyòt mwen yo
an nou toujou sonje verite sa
Tout sa w pa ka machande ni achte
genyen gwo pri ou pa ta janm imajine
nan zye moun ki ofri w li a
Menm si l fè yon aksyon san l p ap atann pou w ta fè sa pou li tou
Li jis bezwen santi ou apresye sa
avèk tout kè w
epi ou pare pou w fè menm jès la pou lòt moun ki nan nesesite
Konsa chèn byenfezans lan p ap janm fini.
#sherly_tanis_cator ✍🏽
https://x.com/SherlyTanis/status/1889325749477232649?t=be0P20WOEGuNfmU3y5hE-A&s=09
❤️
1