Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
February 15, 2025 at 08:18 PM
🇭🇹#bonjou_konpatriyòt🇭🇹
Pèmèt mwen poze w kèk kesyon konpatriyòt mwen :
Si w ta fè silans pandan plizyè jou
Konbyen moun pami moun ou abitye tcheke sou yo
Lè w konn pa pran souf yo menm
K ap chèche konnen sa w genyen ki koz yo pa tande w
Èske w ka reponn ?
Si w ta leve yon jou epi w santi w ap pèdi fòs ou
Konbyen moun nan antouraj ou
W ap ka konte sou fòs yo
Paske yo p ap janm dakò w efondre
Kiyès moun menm lè w pa pale
Ki ka konprann ak santi sa k ap travèse w
E ki toujou pare pou li ede ou san w pa bezwen mande li èd
Èske w ka reponn ?
Si tout repons ou yo ta pozitif
Ou mèt konnen w se yon moun beni
Yon moun ki rich menm lè pòch ou ta vire lanvè
Paske ou posede sa tout trezò mond la
p ap janm kapap achte
Ki se moun ki konn moun
E ki trete moun parèy li tankou moun
nan kèlkeswa sikonstans.
#sherly_tanis_cator✍🏽
https://x.com/SherlyTanis/status/1889671276362412266?t=dtJDvDa2pjad0FTCBLexoQ&s=09
❤️
👍
2