
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
February 15, 2025 at 08:20 PM
🇭🇹#bonjou_konpatriyòt 🇭🇹
#bonjou_konpatriyòt se yon espas echanj sosyal kote nou pataje refleksyon nou sou divès sijè ki touche lavi moun chak jou. Se yon randevou matinal ki envite w panse, sonje, ri, oswa menm jwenn rekonfò, menm lè w ap travèse gwo moman difisil. Chak mo, chak fraz, chak imaj nou prezante w kapab mennen w sou chimen reyalite w, pou ede w wè pi klè, epi pafwa, ba w kouraj pou w reprann lespwa.
#bonjou_konpatriyòt se pa sèlman yon espas kote nou pale sou difikilte lavi, men tou yon okazyon pou ou rekonekte ak rasin ou. Li ka fè w sonje yon mo, yon pawòl granmoun, yon eksperyans anfans ki make w, epi ki, yon fason oswa yon lòt, ka ede w oryante w yon lòt fwa jodi a pou asire w yon pi bon demen.
Se tankou yon ti briz k ap soufle sou figi w, k ap resisite bèl souvni, ki ka mennen w lakay ou, menmsi w byen lwen kote ou te fèt la.
Kontni nou yo pa la pou fè moral pèsonn, ni pou dikte w sou sa w dwe panse oswa fè. Ou lib pou w fè chwa w vle pou lavi w. Men, nou kwè, yon panse byen plase, yon ti konsèy, yon reyalite ki byen di ka pèmèt ou gade lavi ak yon lòt je, rebat kat ou san w pa santi w jije, epi, petèt ou ka pran bon jan desizyon.
Se konsa, anpil moun ki swiv paj @SherlyTanis lan voye reyaksyon yo, tankou : remèsiman, ankourajman, temwayaj sou enpak #bonjou_konpatriyòt genyen sou yo. Chak maten, anpil moun ap tann avèk enpasyans nouvo nimewo a, paske yo jwenn nan ribrik sa a yon sous enspirasyon ki fè yo wè lavi a ak plis limyè.
Misyon nou ap rapouswiv nan : pataje, reflechi, rapwoche moun ak sa ki esansyèl pou yo. Se pou chak mo nou pataje kontinye mete limyè sou wout ou ! #mèsi_konpatriyòt
#sherly_tanis_cator ✍🏽
https://x.com/SherlyTanis/status/1890021557113590071?t=ZVbyN01KS0iuEjPRybwerg&s=09
❤️
1