Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
February 15, 2025 at 08:23 PM
🇭🇹#bonjou_konpatriyòt 🇭🇹 Ki jan ou santi w lè yon moun pa reponn ou lè ou di l bonjou ? Kijan ou santi w lè yon moun ou konnen pase sou ou epi li pa di w Bonjou ? Di moun bonjou, se plis pase yon senp koutwazi. Se yon jès ki charye respè, rekonesans ak lespri kominote. Men kèk rezon ki fè di bonjou enpòtan : ➡️ Rekonèt egzistans lòt la – Lè w di yon moun bonjou, ou montre li ou wè l, ou konsidere l kòm yon moun ki konte. Se yon premye etap pou bati lyen ak lòt moun. ➡️ Bati yon atmosfè pozitif – Yon salitasyon ka chanje jan yon moun santi l, ka mete yon bon vibrasyon nan yon espas, e menm soulaje estrès yon moun. ➡️ Reflete edikasyon ak valè w – Di bonjou montre ou gen bon jan (savoir-vivre), ou respekte lòt moun, epi ou konprann enpòtans ti detay ki ranfòse lavi nan mitan kominote nou yo. ➡️ Fasilite kominikasyon – Si w vle mande èd, fè yon demann oswa kòmanse yon konvèsasyon, di bonjou se premye kle ki louvri pòt la. Se tou dènye zèl kat si w rate l, ou ka pèdi yon opòtinite. ➡️ Kenbe kòd nou yo vivan – Nan anpil kilti, espesyalman Ayiti, di bonjou se yon siy respè fondamantal. Se yon moso nan eritaj nou ki kontinye mete nou ansanm. Di bonjou se yon ti aksyon ki pa koute anyen, men ki ka fè tout yon diferans. Kijan ou santi w lè ou resevwa #ribrik 🇭🇹#bonjou_konpatriyòt🇭🇹 chak maten ? #sherly_tanis_cator ✍🏽 https://x.com/SherlyTanis/status/1890388849131475445?t=_EZl9-dy896dfoPUhlkLDQ&s=09
❤️ 1

Comments