Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
February 15, 2025 at 08:24 PM
🇭🇹#bonjou_konpatriyòt 🇭🇹 #nimewo_100 100 fwa - nou leve chak maten - nou pote yon panyen rèv ak lespwa 100 fwa - nan chak "#bonjou" yon pawòl ki chaje ak enèji yon lespri solidarite ki franchi tout baryè Chak jou se yon nouvo kòmansman 100 fwa - se yon memwa yon rapèl pou nou kontinye travay pou demen vin pi bon Nou pa sèlman ap salye youn lòt Men n ap veye youn sou lòt N ap deplwaye fòs nou kòm pèp ak tout kapasite nou genyen pou n fè fas ak defi nou yo men nan men Se pa sèlman yon bonjou Se yon angajman pou n fè pwogrè Se yon pouse pou n chèche plis Fè plis jodi pase sa nou te fè ayè 100 fwa sa yo - se premye 100 pa nou franchi sou yon chemen kote nou ap aprann grandi kote n ap bati yon avni pi solid An nou toujou sonje #bonjou_konpatriyòt Se pou chak "#bonjou" nou di tounen yon pa nan direksyon solidarite ak lanmou pou peyi nou Se ansanm san bliye okenn nan nou n ap rive fè tout sa ki sanble enposib yo vin posib. #bon_100_jou_konpatriyòt ! #sherly_tanis_cator ✍🏽 https://x.com/SherlyTanis/status/1890726016861012178?t=F__h1Uira47CBH25w-Dwww&s=09
❤️ 1

Comments