Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
                                
                            
                            
                    
                                
                                
                                February 17, 2025 at 08:22 PM
                               
                            
                        
                            🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹
Fè kòmsi ou pa wè jan mantalman 
nou fin depatcha
Gade byen pou w wè jan majorite nan nou
ap kilbite nan espere chanjman
Epi nou tèlman fin delala
Nou sanble ak yon pil moun fou
K ap fè lèsanpa
Pale koze tèt anba 
Yon bann pawòl san destinasyon/san adrès 
Pa di w pa remake nou pèdi lisidite n 
Anba gwo bri katouch gwo kalib k ap toufonnen n 
Andedan tankou deyò
Katouch tèlman ap fè bri
se tankou yo ta vle di nou pou n :
- Rete lakay nou
- Pa ale chita lekòl
- Pa ale nan inivèsite
Pandan y ap fè nou kouri pasi pala
Pandan menm kadav sa k te deja mouri pa menm alabri
Si nou pa mete n alabri bal pèdi
Men mezanmi... 🤔
Alabri ki bò ? Alabri ki kote ?
Pwiske menm alabri nan kouri
Menm si n konnen trè byen anyen pa janm pèdi isit la vre
Se nou menm k ap pèdi tout bon sans nou
Lè n pa wè se sèvèl nou yo vize 
Nou pa wè se nou menm k ap brize
Domaj nou pa menm ka analize
Konbyen mantal ki prale ti kal pa tikal
ak kalite krèm sèvo n ap pèdi tout bon
Ebyen gade pou n wè si tout bagay pa fini vre
Apre yo fin pase men pran lekòl
Inivèsite vin pa ka jwe okenn wòl 
Lopital yo plat atè tounen pousyè 
Ebyen tout timoun mèt rete bèkèkè
Entèlektyèl te mèt kenbe kwiy
Pandan maladi ap pete fyèl manman ak pitit
Epi...epi kisa yo toujou di nou apre sa ? 
Tout bagay sou kontwòl.
#sherly_tanis_cator ✍🏽
https://x.com/SherlyTanis/status/1891104163666280590?t=QP2O6UxTnSsN0g1IY1Ctmg&s=09
                        
                    
                    
                    
                    
                    
                                    
                                        
                                            🤔
                                        
                                    
                                    
                                        1