Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
                                
                            
                            
                    
                                
                                
                                February 18, 2025 at 02:13 PM
                               
                            
                        
                            🇭🇹#bonjou_konpatriyòt 🇭🇹
Mezanmi !!!
Tande vwa k ap pale nan zòrèy mwen
Yon seri nanm san vwa
Yon dividal moun san rele ni reponn
k ap tann yon kout klòch pou fè vwa yo klewonnen
Yo anvi di Ase !
kote moun ap tonbe pa bann
ak pa pakèt bò isit
Nan tout lari silans fè nou bèbè 
Nou tande kri ki pa ka di non
Nou wè lonbraj ki pè di non
k ap pèdi non
Yo nan lanmò san antèman
Nou santi laperèz k ap travèse
tan an
Pandan n ap kontinye poze
menm kesyon yo chak maten :
- Kilè solèy la va leve san rigòl san pa bade lakou lakay nou ?
- Kilè n ap sispann tann yon van lapè nan pil masak men je m men je w ?
Elas !
Bouch nou fann pou bon tan 
Nou pa ka manje
ale wè pou n ta fòse pale 
Nou la n ap gade n ap tande 
Jodi a nou pa sèlman tande
Nou pa sèlman ap gade
Men nou leve men nou pou
nou sonnen kòn lanbi nou :
- Pou l ka rezonnen pou tout san vwa
- Pou l pale pou tout lonbraj 
ki vle reprann eskanp figi yo
- Pou l fè fòs limyè tanmen klere
- Pou lavi ka di l bouke
anba vag lanmò pye poudre.
#sherly_tanis_cator ✍🏽
https://x.com/SherlyTanis/status/1891474494960652646?t=lteLoZJ96IHGuzkTH8UP8Q&s=09
                        
                    
                    
                    
                    
                    
                                    
                                        
                                            ✊
                                        
                                    
                                    
                                        1