Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
February 19, 2025 at 12:09 PM
🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹 Nan pla men tout pitit lakay Lavi ap koule Tankou dlo kokoye byen fre Li chape anba kout flèch desten Pou l di nou li se pye bwa ki kenbe tèt kont gwo tanpèt Rasin li anfonse nan chouk lespwa pandan branch li blayi anba je solèy Chak kou nou pran ta dwe raple n fòs pa vle di n pa ka blese Tout sa ki bon pou nou pa sèlman bagay ki gou nan bouch Menm nan nannan doulè nou yo gen mwayen pou n niche krèm lespwa k ap jèmen ak ladoudous k ap boujonnen Paske : - Nou se pitit solèy - Nou se pitit tè Dayiti - Nou tout se pitit lavi An nou bwè anndan kè eritaj nou An nou sonje rasin nou se fòs nou Paske menm anba chalè lamizè nou ka pote moso lavi bay Tout Konpatriyòt ki swaf lapè nan fon kè yo. #sherly_tanis_cator ✍🏽 https://x.com/SherlyTanis/status/1892182968510075267?t=FU9XzPHY5xuyMfHsI-9gpg&s=09
❤️ 🔥 3

Comments