Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
February 23, 2025 at 06:49 PM
🇭🇹#bonjou_konpatriyòt 🇭🇹 Pou w kouche se responsablite pa w men dòmi w pa sou kont ou Pou w manje se responsabilite w men ou pa ka achte apeti w Pou w soti lakay ou Se chwa pa w men ou pa gen kontwòl rantre w Pou w jere byennèt ou Se responsablite pa w men lapè nan antouraj ou pa depann de ou Poutan menm lapè w kounye a pa depann de ou Ale wè pou talè konsa atò m pa menm bezwen di w anyen pou pita... Ebyen jere tout sa w santi ki vrèman depann de ou Fè avèk mezi sa w ka fè kounye a pou lòt moun ak pou tèt ou Paske : - Se pa fason w mache - Se pa fason w kouri - Se pa fason w chita - Se pa fason w kanpe ki pi enpòtan Men se fason w pote chak chay ki depann de fòs pa ou nan chak enstan w isiba Pran egzanp sou tan an men pa janm aji tankou li Paske malgre laj li li pa janm vyeyi pwiske li p ap janm depase 24 è kèlkeswa nonb yon ane te ka pote. Bon dimanch epi bon semèn deja konpatriyòt. #sherly_tanis_cator✍🏽
❤️ 👍 3

Comments