Espace des Étudiants (EE) 🎊💡📚🕯
Espace des Étudiants (EE) 🎊💡📚🕯
February 21, 2025 at 06:08 PM
*Èske w te konnen dega manje fè nan monn lan?* Daprè OMS, _Òganizasyon Mondyal Lasante_ : ⚠️ Plis pase 200 maladi jwenn orijin yo nan manje manje ki kontamine 🥘 Chak ane, sou chak 10 moun nan monn lan gen 1 ki mouri akoz manje kontamine 👶🏾 40% maladi moun pran nan manje atake timoun ki poko gen 5 lane 💵 Plis pase US$110 bilyon depanse chak ane nan prodiksyon ak prizanchanj medikal akoz manje kontamine nan peyi ki pa avanse yo Maladi moun pran nan manje se enfeksyon ak anpwazònman ki koze pa kèk bakteri, viris, parazit oswa kèk pwodui chimik ki antre nan oganis lan gras a alimantasyon nou. 💡Jwenn bon jan manje ki ap pote nitriman pou kò a an kantite sifizan se baz lavi ak lasante 🍎 Bon veso ak materyel kuizin rantre tou nan koze sekirite alimantè nou, li sipòte ekonomi nasyonal la nan zafè komès ak touris, sa ki ap mennen devlopman. Men sa nou dwe fè : *Byen konsève* manje yo lakay nou : kenbe yo pwòp, separe sa ki dwe kuit ak sa yo ki p ap kuit, byen kuit yo, itilize bon dlo ak bon veso. *Aprann* kòman pou nou jere pwovizyon alimantè yo lè gen dezas tankou : inondasyon, ensandi ak katastwòf natirèl. *Mande* enstitisyon sanitè ak alimantè yo èd pou nou konnen kijan pou nou fè fas ak difikilte nou ka rankontre. *#bondoc* *Nou se BonDoc, nou se Lasante* https://whatsapp.com/channel/0029VaDGtiDHVvTUDlQ0uj1S/126
❤️ 👍 😂 10

Comments