
Espace des Étudiants (EE) 🎊💡📚🕯
February 27, 2025 at 08:58 PM
*Ribrik Espas Sante*
----------------------------------------------
'' *PWATRINÈ* ''
Se yon tèm kouran yo itilize nan kreyòl Ayisyen pou kalifye yon moun ki soufri Tibèkiloz (TB) pilmonè.
*Èske w te konnen detay sa yo sou Tibèkiloz ?*
🦠 Tibèkiloz se yon maladi ki koze pa enfeksyon pa bakteri _Mycobacterium tuberculosis_ (bacille de Koch).
🫁 Fòm ki atake poumon yo se li menm ki ka transmèt moun a moun. Poumon moun se pi gwo rezèvwa bakteri sila a.
🗣️ Boulèt k ap soti nan bouch on moun ki pwatrinè chaje ak jèm Tibèkiloz la ladan l. Si l touse : gen 3 500 ti goutlèt, si l etènye : gen 1 milyon.
🔆 Chalè reyon solèy la tiye bakteri sila a byen rapid, sa ki ka diminye transmisyon an.
⚠️ ATANSYON
*Pwomiskite* : Si anpil moun pataje yon espas ki pa byen ayere pandan gen moun ki enfekte, lòt yo riske kontamine tou
*Afeblisman sistèm defans lan*: Malnitrisyon, lòt enfeksyon (tankou VIH/SIDA), maladi dyabèt ak kèk trètman ki afebli sistèm iminitè a konn pèmèt enfeksyon an pran chè pou fè maladi a deklare.
✅ *SA N KA FÈ MENM ?*
🏥 *ALE LOPITAL* si w ta remake w gen sentom sa yo : fyèv, tous san rete ak doulè torasik, fatig, amegrisman ak pèt apeti (ankouraje lòt moun tou)
🫧 *FÈ PWÒPTE* kote n abite, kite lè solèy rantre nan pyès yo
💉 *VAKSINEN* timoun yo : Mennen yo al pran _Vaksen BCG_ , ki ap pwoteje yo kont bakteri sila a.
_Se mèt kò ki veye kò. Malgre jan sitiyasyon yo ye, ann prevni yon epidemi !_
https://whatsapp.com/channel/0029VaDGtiDHVvTUDlQ0uj1S
*#bondoc*
*#espace des Étudiants*
👍
❤️
🙏
😂
😢
51