
Stevens Azima
May 25, 2025 at 01:41 PM
Konsèp ekonomi jounen an: pè pèdi (loss aversion).
Ekonomi konpòtman moun montre jan moun pè pèdi.
Plezi sa rapòte lè w fè 10 dola pa menm nivo ak doulè oswa lapèn ou santi lè w pèdi 10 dola. Pèdi a fè plis mal.
Sa tèlman byen anrasine nan lespri nou, nou ka reyaji fason diferan fas ak menm sitiyasyon an an fonksyon si yo prezante w li kòm yon gany oswa kòm yon bagay w ap pèdi.
Pa egzanp, eksperyans montre nou an jeneral pè pran risk fas ak yon posiblite gany. Sa vle di, m ap an jeneral pito yo ban m lajan an dirèkteman san grate tèt olye m pran chans genyen plis lajan nan yon paryaj, menm si chans pou m genyen yo fè 2 sitiyasyon yo se menm.
Poutan, m ap pito pran risk parye si se pou evite yon pèt ki sèten, menm si paryaj la ekivalan.
Nan teyori a, yo di nou riskofil fas ak pèt (ki vle di nou pito pran gwo risk jis pou evite pèdi lapoula), men nou riskofòb fas ak gany (sa k nan men m se li ki pa m).
❤️
1