KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
May 19, 2025 at 04:47 PM
Non Pwojè a: Ayitivèt (Yon konbinezon Ayiti + Vèt, ki vle di Ayiti ki vèt, ki dirab, ki pwòp, epi ki gen konsyans anviwònmantal.) 1. Misyon Pwojè Ayitivèt: Bay Ayiti yon nouvo direksyon vèt ak dirab atravè aksyon konkrè sou rebozman, edikasyon anviwònman, ak devlopman kominotè. Pwojè a vle kreye yon Ayiti ki respire, ki pwòp, epi ki pare pou lavni. 2. Objektif yo: Plante plis pase 50,000 pyebwa nan Yon espas estratejik. Sansibilize popilasyon an sou danje deforestasyon ak chanjman klimatik. Kreye opòtinite travay vèt pou jèn yo (. jaden forè, antretyen pyebwa, elatriye). Mete kanpe yon seri "klas vèt" nan lekòl pou fòme ti moun sou enpòtans lanati. 3. Aktivite Pwojè a: Jounen plantasyon: chak mwa, òganize aktivite plante pyebwa ak patisipasyon kominotè. Atelye fòmasyon: pou lidè kominotè, jèn ak elèv sou agroforè, pèmakalti, ak jesyon anviwònman. Pwodiksyon plant: mete kanpe pepinyè (plant nursery) pou pwodui pyebwa fwi ak pyebwa forè. Pwogram volontarya: mobilize jèn atravè peyi a pou vin “Anbasadè Ayitivèt.” Pwodiksyon kontni edikatif: videyo, pòs sou rezo sosyal, pwezi, mizik, ak afich. 4. Benefis ak Enpak Atandi: Rediksyon ewozyon tè ak sekirite alimantè amelyore. Kreye travay dirab nan sektè vèt. Sove sous dlo ak teren agrikòl. Bati konsyans nasyonal sou responsablite anviwònmantal. 5. Slogan Pwojè a: "Ayitivèt: Se pa jis plante pyebwa, se plante lespwa." 6. Patenarya ak KOLABORASYON: Lekòl, legliz, ONG, radyo kominotè, ak lòt inisyativ jèn. Pwojè sa konekte ak KONBIT NASYONAL ak fondasyon VLD. 7. Vizyon Long Tèm: Fè Ayitivèt tounen yon mouvman nasyonal ki chanje jan Ayisyen viv ak lanati. Kreye yon rezo zòn vèt nan peyi a kote kominote yo jere tèt yo ak respè pou lanviwònman. Pou plis enfo sou ayitivèt ou Ka vizite Nou VLDHAITI.WORDPRESS.COM Nou se LESPWA pou demen #fypシ #environmentalsustainability #debout #justiceforhaiti #haitianfacebook
🙏 1

Comments