
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
May 28, 2025 at 08:34 AM
SA KAP FÈT SAINT-MICHEL DE L’ATTALAYE PA PWOGRÈ – SE YON DEGREDASYON KI MENASE AVNI NOU.
Nan komin Saint-Michel de l’Attalaye, nan depatman Latibonit, aktivite agrikòl ap kontinye ak tout fòs. Plante kann se yon tradisyon, yon sous revni ki pèmèt anpil fanmi viv, voye pitit lekòl, achte medikaman, e jere bezwen chak jou.
Men gen yon danje k ap grandi:
Pou fè siwo kann ak kleren, anpil pyebwa ap koupe san okenn plan reboazman. Yo boule yo pou fè chabon pou fou yo, e pifò fwa yo pa replante anyen.
Konsekans yo?
Zòn nan vin pi vilnerab
Lapli diminye
Tè a vin sechrès, li pa bay bon rekòt
Rivyè yo ap cheche
Echanj kout tèm ap lakòz domaj alontèm
> Se tankou n ap fè lajan jodi a pou n tonbe nan grangou demen.
Tout uit seksyon komin lan deja frape. Si pa gen repons solid, nou riske pèdi komin nan nèt.
Kisa Nou Ka Fè Kòm Sitwayen Konsyan?
1. Reflechi sou konsekans yo – Pa kite benefis rapid fè nou bliye domaj ki pral koute lavi jenerasyon kap vini.
2. Adopte nouvo metòd transfòmasyon kann – Itilize fou solè, fou gaz, oswa lòt teknoloji ki pa egzije debwazman.
3. Plante chak fwa w koupe – Fè reboazman vin yon refleks, pa yon chwa.
4. Pale, sansibilize, edike – Pote mesaj la bay fanmi, zanmi, lidè relijye ak lidè kominotè.
Ki Responsablite Leta genyen?
1. Aplike lwa sou debwazman ki deja egziste – Lwa yo la, men yo pa aplike. Leta dwe fè respè lwa sa yo vin yon priyorite, ak sanksyon klè pou debwazman san otorizasyon.
2. Mete ajan anviwònman sou teren – Chak seksyon dwe gen reprezantan kap siveye, edike, epi reponn rapidman a zak ki mete lanati an danje.
3. Sipòte agrikilti dirab – Fè disponib zouti, fòmasyon, ak teknoloji ki pèmèt peyizan travay san detwi anviwònman an.
4. Ofri altènativ ekonomik – Devlope solisyon tankou siwo kann natirèl, bioéthanol, ak bwason lokal ki pi responsab.
5. Rejenerasyon ak patenarya – Mete plan restorasyòn rivyè ak zòn vèt yo an plas, ansanm ak òganizasyon lokal ak entènasyonal.
Yon Sèl Konklizyon:
> Nou pa ka kontinye ap chèche solisyon ki detwi sa ki pi enpòtan – lanati, tè a, dlo a.
> Si nou pa aji jodi a, se avni pitit nou n ap komèt.
Ann leve kanpe pou pwoteje Saint-Michel de l’Attalaye.
_Fridner JEAN M
Pou Yon Lòt Ayiti San Eksklizyon
“ Nou dwe Rete Kanpe sou Valè – Se Saint-Michel de l’Attalaye!”
*https://www.facebook.com/share/16UNB2xEaM/*
👍
1