
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
May 30, 2025 at 03:18 PM
Si KONBIT lan ap pale de 50,000 pye bwa pou n plante pou Ayiti, e se 50,800 moun sèlman ki gade videyo a, 3,000 ki pataje li, 2,000 abònen, ak kèk j’aime... Antouka, m ap di nou MÈSI.
Mèsi pou chak moun ki te pran tan gade, pataje, abòne, oswa mete yon j’aime. Se pa kantite reyaksyon ki pi enpòtan, men angajman chak grenn moun ki kwè nan vizyon an. Pwojè sa a se pa pou mwen, se pa pou yon sèl moun... se pou nou tout li ye!
Se ansanm n ap kapab fè li vin reyalite.
Nou pa bezwen tann tout moun avanse, sifizan pou nou ki deja konprann valè sa n ap fè a mete men ansanm, mete kè nou ladan l, pou n rann pwojè a vivan, reyèl, e dirab. Chak pye bwa nou mete nan tè se yon souf nouvo pou Ayiti, se espwa pou jenerasyon kap vini yo.
Ann mete ansanm, ann fè KONBIT, paske lespwa se nan men nou li ye.
