KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
June 1, 2025 at 12:33 AM
AYISYEN VIV PA LA FWA AK ESPWA! Gen anpil nan nou ki gen lafwa vre. Lafwa yo fò, men malerezman, yo pa viv ak espwa. Konsa tou, gen lòt ki viv ak toude — lafwa ak espwa — e se sa ki pèmèt yo kenbe tèt. An 2017, mwen pèdi travay mwen. Apre yon ti tan sèlman, tout rezèv mwen te genyen yo te prèske fini. Li te difisil pou mete manje sou tab la, e mwen pa t konnen kijan m tap peye lekòl pou premye pitit fi mwen. Malgre tout sa, mwen te toujou kenbe kontak ak kèk ansyen kòlèg mwen. Youn ladan yo vin ban mwen tout enfòmasyon sou yon nouvo opòtinite travay nan yon lòt antrepriz. Moman sa a, mwen te vrèman fèb — mantalman ak emosyonèlman. Men, le m resevwa mesaj la, san menm siyen kontra a, mwen gentan kòmanse fè bidjè ak plan pou kijan m ap jere kòb ki poko menm rive. San m pa rann mwen kont, mwen te deja kite tout pwoblèm yo dèyè. Se tankou espwa a te pran direksyon sou lavi mwen. E menm si travay la poko si, mwen te santi tèt mwen deja sou bon wout. Sa montre nou fòs espwa a: espwa pa kite ou chita sou kote laperèz. Espwa leve ou, li mete ou an mouvman, li fè ou kwè ke demen ap pi bon. Jodi a, mwen vin di ou: espwa ou genyen an se yon bon bagay. Men li t ap pi bon toujou, si ou mete li an aksyon. Twòp nan nou ap tann — n ap chita ap tann bagay chanje san nou pa fè okenn efò pou sa. Leve! Soti nan domi w la. Bay tèt ou yon lòt direksyon. Pran wout ki ka pote fwi pou ou, pou fanmi w, epi pou kominote w. Espwa se pa sèlman kwè ke sa ou swete a ap rive. Espwa se kwè, men se tou leve, aji, fè efò, pran risk, epi pa janm lage. Se mesaj sa a mwen pote pou ou jodi a, 31 me 2025. DEMEN SE YON LÒT OPÒTINITE... FRIDNER JEAN M.
Image from KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}: AYISYEN VIV PA LA FWA AK ESPWA!  Gen anpil nan nou ki gen lafwa vre. L...

Comments