KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
June 1, 2025 at 11:10 PM
🎯 TIT: 📌 LÈ SA W POTE A PA KONTE JISKASKE OU PA MANDE ANYEN : DRAPO IPOKRIT SOSYETE A ✍🏾 Pa: Fridner JEAN M Yon pòv te deside ale mache ak kèk ti bagay li posede. Espwa li, se te vann yo pou l ka tounen lakay li ak yon ti kòb pou viv. Depi li rive, li pase tout jounen an san pèsonn pa janm vin pale avè l, ni mande sa li genyen. Tan ap pase… li santi kè l kase, li dekouraje. Finalman, li pran desizyon pou l fè sa li te pote a kado. Li ofri yo gratis bay moun ki nan mache a. Se lè sa a, ou wè tout moun kouri vin kouvri l, ap chache pran sa li t ap vann. E poutan, se menm bagay sa yo yo te méprize, yo pa t vle menm gade, paske yo panse li pa gen valè. 🔎 ANALIZ REFLEKSYON AN 🧍🏾‍♂️ Sitiyasyon an: Yon moun pòv ale mache pou li vann sa li posede. Li gen espwa. Li chita tout jounen, pèsonn pa vin pale avè l, li pa menm jwenn valè kòm moun. Lè li dekouraje, li deside bay sa li gen yo gratis… Se la moun yo vin kouri sou li, tankou bagay la gen valè. 💭 Sa sa revele? 1. Imaj moun ki bay gratis toujou atire plis pase moun ki mande èd > Sosyete a meprize moun ki bezwen, men li flate moun ki bay. 2. Pèsonn pa apresye sa ki gen valè jiskaske li vin “gratis” > Moun pa vle mete efò. Yo meprize sa w vann, men yo anvi sa w bay gratis. 3. Mepri ak endiferans anvè moun ki pa gen anyen > Ou ka tounen envizib si w pa gen pouvwa, pozisyon, oswa richès. 4. Ipotkri kolektif > Yo refize achte sa w pote, men yo kouri dèyè l gratis. Se pa bagay la ki pa bon — se ou yo pa vle soti nan men w. 🧠 KONKLIZYON Refleksyon sa montre nou: > Nan yon sosyete ki bliye diyite moun, valè pa depann de sa w pote — men de kiyès ou ye, ak kijan moun wè ou. Sosyete a bay valè sa ki fasil, sa ki gratis. Men li meprize sa ki mande respè, efò oswa rekonpans. Moun pa rejte ou paske ou pa gen anyen ki bon — yo rejte w paske yo pa rekonèt ou. Lè w bay gratis, yo kouri vin sou ou, pa paske yo renmen ou, men paske yo vle pwofite. ✅ SA NOU DWE KONNEN AK SONJE 1. Valè ou pa depann de kijan moun trete ou. 2. Gen moun ki pap janm apresye sa w pote jiskaske w pa mande yo respekte li. 3. Sosyete a souvan ini pou pwofite, pa pou bay valè. 4. Pa dekouraje si moun pa wè ou: se pa limyè ou ki fè yo avèg, se fènwa kè yo. 5. Nouri diyite ou, pa vann lespwa w pou w ka jwenn validasyon moun ki meprize ou. 6. Kenbe sa ou ye: pa janm fè valè ou tounen rabè. Poukisa ou pa abone AK la? Poukisa ou pa envite Yon zanmi avec ou vin aprann ki chòy?
Image from KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}: 🎯 TIT:   📌 LÈ SA W POTE A PA KONTE JISKASKE OU PA MANDE ANYEN : DRAP...

Comments