KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}
KONBIT NASYONAL L.A™ { F. V.LD {🌍🇭🇹}
June 4, 2025 at 11:03 PM
"Nou gen plis moun ki vle bay nouvèl ke moun ki fè aksyon. Se vre, enfòmasyon enpòtan — nou bezwen jounalis ki kalifye, jounalis ki konprann misyon yo se edike pèp la, mete limyè sou verite, leve konsyans. Men, se pa tout moun ki fèt pou bay nouvèl. Chak moun pa bezwen vin jounalis pou sèvi peyi a. Gen lòt mwayen n ka itilize pou n travay, pou n sèvi, pou n mete limyè sou sa ki nan fènwa. Se pa tout moun ki gen mikwo ki gen mesaj. Se pa tout sa nou tande ki bon pou tande. Sa nou bezwen se plis moun ki angaje, ki pran aksyon, ki kanpe pou chanjman. Se sak fè: > Nou bezwen plis aktè pase telespektatè. Plis limyè pase pale. Plis angajman pase espektak. Nou pa bezwen sèlman nouvèl, nou bezwen modèl. Si ou kwè nan inisyativ pozitif, devlopman dirab, inite, agrikilti, edukasyon, ak sekirite, 👉 Abòne ak chaîne WhatsApp KONBIT NASYONAL la jodi a! 📲 Rete konekte ak nouvèl ki chaje ak espwa, rezilta, ak vizyon pou Ayiti. 💬 Pataje lyen an ak 5 zanmi ou kounye a! 🔗 [https://whatsapp.com/channel/0029VaKOFHkBKfi1sDKPMQ31] 🌱 KONBIT NASYONAL – Se pa sèl rèv, se aksyon nou mete ansanm pou chanje lavi! — Fridner JEAN M., Vwa Angajman ak Aksyon
Image from KONBIT NASYONAL L.A™  { F. V.LD {🌍🇭🇹}: "Nou gen plis moun ki vle bay nouvèl ke moun ki fè aksyon.  Se vre, en...
1

Comments