Espace des Étudiants (EE) 🎊💡📚🕯
Espace des Étudiants (EE) 🎊💡📚🕯
June 3, 2025 at 03:19 PM
Libète Gason an Kòmanse Kote Libido li Sispann Mennen l. Nan imajinè kolektif la, gason ki piso souvan konsidere swa djèdjè, oswa kòm moun ki pa finn gason . Sepandan, nou prèske pa janm mete aksan sou gason ki chwazi kontwole dezi seksyèl yo, non pa paske yo pa kapab, men paske yo vle mete enèji yo sou lòt bagay lespwi, pwojè, misyon, oubyen travay pou yon demen miyò. Sijè sa ap fouye lide pou moutre libète gason an pa nan kantite fanm li genyen, men nan kapasite l pou li pa kite libido li mennen l. Nou lanse nou nan analiz sa sou baz sosyal, filozofik ak esperyans modèn. Sosyete a fè anpil gason kwè libido yo penmèt yo se lidè. Nan kilti popilè a, gason yo grandi ak lide plis ou gen fanm, se plis ou gen valè. Menm nan mizik, fim, rezo sosyal gason toujou asosye ak dominasyon seksyèl, baz, body count. Kesyon n ap poze se : Èske gason yo vrèman ap viv selon volonte pa yo, oswa èske se sistèm drivayè, sistèm fasil la k ap dikte valè ak chwa yo? Kontwòl sou libido se zouti granmoun, se pa feblès, anpil filozòf, relijye, e menm estratèj politik te pratike abstinans seksyèl kòm zouti disiplin tèt yo. Lè w kontwole tèt ou, w pa esklav dezi w. Ou chwazi ki batay pou w mennen, ak kilè. Stoik yo te kwè veritab libète se lè w pa kite dezi ak doulè dirije ou. Egzanp: • ST Augustin- ki te vinn yon moun ki santifye. • Nikola Tesla – “Mwen pa te marye, paske mwen pa t vle fanm distrè mwen.” • Gandhi – Peryòd abstinans li te itilize pou gade pi fon nan konsyans li. E nou si di “gason puceau” se pa feblès, men se entèlijans? Puceau & Fier kòm aksyon rebèl kont sistèm k ap chaje tèt gason yo. Antre nan relasyon seksyèl ak tout konsekans li yo (drama, anbisyon, presyon, jalouzi, depans) souvan se yon chaj, pa yon benediksyon. Team “Puceau & Fier” se pa kache, ni fyète, men se reklamasyon kont sistèm ki vle gason viv pou gen validasyon ak chwa pèsonèl yo. Li se yon mouvman nan m ki ede nou, pran tan pou konnen tèt nou, bati karaktè nou, ak fè sèks pa devni chimen pou jwenn tèt ou. Rechèch yo montre jan anpil jèn gason ki pa fè sèks regilyèman genyen mwayen ekonomik & sante mantal ki pi bon pase sa nou panse. Gason ki kontwole dezi seksyèl yo p ap pèdi; yo jis ap pran tan pou yo pa pèdi tèt yo, pou yo vinn kòm yon moun ki adikte. Puceau se pa yon malchans, men pafwa se rezistans konsyan kont yon sistèm ki mete gason an kòm yon zouti seksyèl. Yo te fè nou kwè sèks se valè nou. Men non. Valè ou se jan ou kenbe tèt ou, chwazi ki batay ki vo li, epi viv lavi ou selon prensip ou, pa gade sa moun ap fè pou w enfliyanse, san w pa konnen kisa li ka pote nan lavi w. Puceau & Fier, se pa yon malchasn, men se yon chemen kalkile.
Image from Espace des Étudiants (EE) 🎊💡📚🕯: Libète Gason an Kòmanse Kote Libido li Sispann Mennen l.  Nan imajinè ...
👍 ❤️ 🙏 💯 😂 👏 🔥 👌 59

Comments