Espace des Étudiants (EE) 🎊💡📚🕯
Espace des Étudiants (EE) 🎊💡📚🕯
June 9, 2025 at 02:53 AM
*Espace poesie sur Espace des Etudiants* *La femme de mes rêves* Ting ting ting ting. Se konsa kòd gita lespri m koumanse melodi pou envite prezans ou vin danse. M ap gade w laba a, wi laba a bò larivyè kote solèy kouche pou bay zetwal plas pou vin klere, klere nan yon syèl ke sèl ou posede. M pa ko posede w, m santi m jalou. Jalou paske lanati akòde van an posiblite pou fè cheve w danse san chante. Bidim bap, bidim bap. Se tankou tanbou kè m ap bat a chak fwa m tande non w k ap site. M santi m kirye pou m ta wè kote dlo a pase lè l fin desann nan rèl do w. Pafwa m ta savon tou pou savonnen mezi se pati k anba a rive jouk anwo w. Nan jaden w lan, wi nan mitan jaden w lan. Se la dlo a koule tou fre. M ta mache a gode. Men bouch mwen se sèl resipyan m posede. Tanpri, m ap mande w pou w ban m f on ti kole. M pa saf, menm gentan santi m ap anvi double, redouble. Bò dèyè w, pòtrè yon mapou menm 5 mòde pap ka ebranle. Zuing, zuing, zuing bò zòrèy ou m anvi chante, pa tankou marengwen, men kòm refren k pou fè w dòmi ak je w louvri. E fè w wè tout koulè lakansyèl apre lapli. M konn tande y ap rele w: Manmita, Marie, Louidjie. Tande yo senpman sifi pou fè m souri. Ou bèl, men mo a twò piti pou eksprime sa. M anvi makònen ak ou, mete men m nan men ou, sere kilòt ou pou n fè joujou. Men malerezman, l pral jou e se nan rèv senpman m te kontre ak ou. _Auteur : Fils Dor_ *_Espace des Etudiants_*
Image from Espace des Étudiants (EE) 🎊💡📚🕯: *Espace poesie sur Espace des Etudiants*     *La femme de mes rêves*  ...
❤️ 👍 😂 👏 🫂 ☺️ 🌚 😍 🥰 69

Comments