
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
May 14, 2025 at 12:01 PM
🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹
Lajan ak moun mache kòtakòt
Men moun pi enpòtan pase lajan
Lè nou kite lajan mennen n devan
Nou riske pèdi nan dimansyon limanite n
Lajan konn fè n santi nou lib se vre
Men si l pran tèt
oubyen monte nan tèt
Li ka menm rive domine tèt
Lè sa lajan fè moun tounen esklav
Lajan gen gwo valè, li bay moun bon sèvis, se vre
Men gen anpil sèvis lajan p ap janm ka rann moun.
#sherly_tanis_cator ✍🏽
https://x.com/SherlyTanis/status/1922621728930336948?t=vMCs_nIv102uyIbO2VYzDg&s=09
❤️
👍
3